101
www.prestigehealthchoice.com Ti liv pou manm yo TI LIV POU MANM PLAN SANTE FLORIDA MEDICAID

Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

  • Upload
    others

  • View
    2

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

www.prestigehealthchoice.com

Ti liv pou manm yo

TI LIV POU MANM PLAN SANTE FLORIDA MEDICAID

Page 2: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou
Page 3: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

3

If you do not speak English, call us at 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856). We have access to interpreter services and can help answer your questions in your language. We can also help you find a health care provider who can talk with you in your language.

Spanish: Si usted no habla inglés, llámenos al 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856). Ofrecemos servicios de interpretación y podemos ayudarle a responder preguntas en su idioma. También podemos ayudarle a encontrar un proveedor de salud que pueda comunicarse con usted en su idioma.

French: Si vous ne parlez pas anglais, appelez-nous au 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856). Nous avons accès à des services d’interprétariat pour vous aider à répondre aux questions dans votre langue. Nous pouvons également vous aider à trouver un prestataire de soins de santé qui peut communiquer avec vous dans votre langue.

Haitian Creole: Si ou pa pale lang Anglè, rele nou nan 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856). Nou ka jwenn sèvis entèprèt pou ou, epitou nou kapab ede reponn kesyon ou yo nan lang ou pale a. Nou kapab ede ou jwenn yon pwofesyonèl swen sante ki kapab kominike avèk ou nan lang ou pale a.

Italian: Se non parli inglese chiamaci al 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856). Disponiamo di servizi di interpretariato e siamo in grado di rispondere alle tue domande nella tua lingua. Possiamo anche aiutarti a trovare un fornitore di servizi sanitari che parli la tua lingua.

Russian: Если вы не разговариваете по-английски, позвоните нам по номеру 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856). У нас есть возможность воспользоваться услугами переводчика, и мы поможем вам получить ответы на вопросы на вашем родном языке. Кроме того, мы можем оказать вам помощь в поиске поставщика медицинских услуг, который может общаться с вами на вашем родном языке.

Page 4: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

4

Kowòdone ki enpòtan

Liy asistans pou manm yo 1-855-355-9800 Disponib 24 sou 24

Nimewo liy asistans TTY pou manm ki pa tande byen yo

1-855-358-5856 Disponib 24 sou 24

Sit Entènèt www.prestigehealthchoice.comAdrès 11631 Kew Gardens Avenue, Suite 200

Palm Beach Gardens, FL 33410

Odyoloji ak aparèy pou tande HearUSA 1-800-731-3277Sante konpòtmantal Optum Behavioral Health™ 1-855-371-3967Swen dantè Kontakte jesyonè dosye w la dirèkteman

oswa kontakte ekip repons rapid nou an nan 1-855-371-8072 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856) pou jwenn èd pou resevwa sèvis sa yo.

Swen sante lakay, enfizyon lakay ak ekipman medical dirab (DME)

Coastal Care Services 1-855-481-0505

Transpò medikal ki pa ijan Access2Care 1-855-371-3968Famasi PerformRxSM 1-855-371-3963Vizyon Premier Eye Care of Florida LLC 1-855-371-3961Pou rapòte ka kote w sispèk yo abize, yo neglije, yo abandone oswa yo esplwate yon timoun oswa yon adilt ki vilnerab

1-800-96-ABUSE (1-800-962-2873)

Nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo: 711 oswa 1-800-955-8771

http://www.myflfamilies.com/service-programs/abuse-hotline

Pou konnen si w kalifye pou Medicaid 1-866-762-2237

Nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo: 711 oswa 1-800-955-8771

http://www.myflfamilies.com/service-programs/access-florida-food-medical-assistance-cash/medicaid

Pou rapòte fwod ak/oswa abi an rapò ak Medicaid, oswa pou depoze yon plent pou yon etablisman sante

1-888-419-3456

https://apps.ahca.myflorida.com/mpi-complaintform/

Page 5: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

5

Pou mande yon odisyon ekitab nan men Medicaid

1-877-254-1055

1-239-338-2642 (faks)

[email protected] depoze yon plent konsènan sèvis Medicaid yo

1-877-254-1055

Nimewo TDD pou moun ki pa tande byen yo: 1-866-467-4970

https://apps.ahca.myflorida.com/smmc_cirts/Pou jwenn enfòmasyon pou moun ki aje yo

1-800-96-ELDER (1-800-963-5337)

http://elderaffairs.state.fl.us/doea/arc.phpPou jwenn enfòmasyon sou kesyon vyolans nan fanmi

1-800-799-7233

Nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo: 1-800-787-3224

http://www.thehotline.org/Pou jwenn enfòmasyon sou etablisman sante an Florid

http://www.floridahealthfinder.gov/index.html

Pou jwenn enfòmasyon sou swen rapid Swen rapid se swen yo bay pou yon pwoblèm sante ki mande yon tretman sou 48 èdtan. Si w pa resevwa okenn tretman pou pwoblèm sante sou de jou oswa mwens, li gendwa vin yon ijans. Si w pa fin konnen si w bezwen swen rapid, tanpri rele liy èd enfimyè nou an, ki disponib 24 sou 24, 7 sou 7, nan 1-855-398-5615.

Pou yon ijans 9-1-1

Oswa ale nan sal ijans ki pi pre w la

Page 6: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

6

Lis sijè yoKowòdone ki enpòtan ...................................................................................................................... 4

Byenveni nan plan sante jere Medicaid pou tout eta a ak Prestige Health Choice ........................ 7

Seksyon 1: Kat idantifikasyon w pou plan an .................................................................................. 8

Seksyon 2: Lavi prive w ................................................................................................................... 8

Seksyon 3: Jwenn èd nan men ekip sèvis pou manm yo ............................................................... 9

Seksyon 4: Èske w bezwen èd pou kominike? ............................................................................... 9

Seksyon 5: Sa pou w fè lè enfòmasyon w yo chanje .................................................................... 10

Seksyon 6: Pou konnen si w kalifye pou Medicaid ....................................................................... 10

Seksyon 7: Enskripsyon nan plan nou an ......................................................................................11

Seksyon 8: Fason pou kite plan nou an (dezenskripsyon).............................................................11

Seksyon 9: Fason nou jere swen w yo .......................................................................................... 13

Seksyon 10: Fason pou jwenn sèvis yo ........................................................................................ 13

Seksyon 11: Enfòmasyon ki itil konsènan avantaj ou yo ............................................................... 16

Seksyon 12: Avantaj ki mache ak plan w lan: sèvis asistans medikal jere ................................... 22

Seksyon 13: Satisfaksyon manm yo .............................................................................................. 42

Seksyon 14: Dwa w yo antanke manm ......................................................................................... 45

Seksyon 15: Responsablite w yo antanke manm ......................................................................... 47

Seksyon 16: Lòt enfòmasyon ki enpòtan ...................................................................................... 48

Seksyon 17: Lòt resous ................................................................................................................. 50

Seksyon 18: Fòm ........................................................................................................................... 51

Avi legal .......................................................................................................................................... 60

Avi sou entèdiksyon diskriminasyon .............................................................................................. 62

Page 7: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

7

Byenveni nan plan sante jere Medicaid pou tout eta a ak Prestige Health ChoicePrestige Health Choice pase yon kontra ak Ajans Florid pou administrasyon swen sante a (Florida Agency for Health Care Administration) (Ajans lan) pou bay benefisyè Medicaid yo sèvis swen sante. Yo rele sa pwogram swen jere Medicaid pou tout eta a (Statewide Medicaid Managed Care, SMMC). Ou enskri nan plan SMMC nou an. Sa vle di n ap ba w sèvis Medicaid. N ap travay ak yon gwoup pwofesyonèl sante pou satisfè bezwen w yo.

Gen anpil kalite sèvis Medicaid ou ka resevwa nan pwogram SMMC a. Ou ka resevwa sèvis sa yo, tankou vizit kay doktè, analiz nan laboratwa ak swen ijans, nan men yon plan asistans medikal jere (Managed Medical Assistance, MMA). Si w se yon adilt ki aje oswa ki andikape, ou ka resevwa sèvis nan yon etablisman swen enfimye, sèvis lakay ak sèvis kominotè atravè yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou satisfè bezwen w yo nan yon plan espesyalize.

Si pitit ou enskri nan pwogram Florida KidCare MediKids, pifò enfòmasyon ki nan ti liv sa a ap aplike nan ka pa w. Si gen kèk enfòmasyon ki pa aplike, n ap fè w konn sa.

Ti liv sa a se pral gid ou pou tout sèvis swen sante ki disponib pou ou. Ou ka poze nou nenpòt kesyon, epi ou ka mande nou èd pou pran randevou ou bezwen yo. Si w bezwen pale avèk nou, annik rele nou nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856).

Page 8: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

8

Seksyon 1: Kat idantifikasyon w pou plan anNòmalman, ou te resevwa kat idantifikasyon w lan pa lapòs. Si w pa t resevwa kat la oswa si enfòmasyon ki sou li yo pa kòrèk, ban nou yon koutfil. Chak moun nan fanmi w ki enskri nan plan nou an ta dwe gen pwòp kat idantifikasyon pa l la.

Ou dwe mache ak kat idantifikasyon w lan sou ou toutan, epi ou dwe montre l chak lè w al nan randevou w yo pou swen sante. Pa janm bay okenn lòt moun itilize kat idantifikasyon w lan. Si w pèdi kat la oswa si yo vòlè l nan men w, rele nou pou n ka voye w yon nouvo kat.

Men ki jan kat idantifikasyon w lan ye:

BIN number 600428Group number 07550000

DOE, JOHN

ID 1234567890

DOB 01/01/01

EFFECTIVE 00/00/00

PRIMARY DOCTORDr. John Smith(ABC Family Practice)123 Main StreetAnytown, Florida 12345

PHONE 1-XXX-XXX-XXXX

www.prestigehealthchoice.comSubmit paper claims to: Prestige Health Choice, P.O. Box 7367, London, KY 40742

Main office: Prestige Health Choice, 11631 Kew Gardens Ave., Suite 200, Palm Beach Gardens, FL 33410

Emergency room (ER): Call 911 or go to the nearest ER and contact your primary care provider (PCP) the next business day.Hospitals: All non-emergency admissions must have prior authorization. Call 1-855-371-8074.Nonparticipating providers: Non-ER visits require prior authorization. Call 1-855-371-8074.

Member Services 1-855-355-9800 Member Services TTY/TDD 1-855-358-5856 24-hour Nurse Call Line 1-855-398-5615 DME/Home Health/Home Infusion 1-855-481-0505 Vision 1-855-371-3961 Pharmacy 1-855-371-3963 Behavioral health 1-855-371-3967 Transportation services 1-855-371-3968Provider Services 1-800-617-5727

Submit electronicclaims to:

Change HealthcarePayer ID 77003

Seksyon 2: Lavi prive wNou bay lavi prive w anpil enpòtan. Ou gen yon seri dwa an rapò ak pwoteksyon enfòmasyon sante w yo, tankou nonw, nimewo idantifikasyon plan w lan, ras ou, gwoup etnik ou ak lòt bagay ki idantifye w. Nou pap pataje okenn enfòmasyon sante sou ou si lalwa pa pèmèt sa.

Si w gen kesyon, rele ekip sèvis pou manm yo. Men ki politik ak pwoteksyon nou bay nan domèn konfidansyalite:

Konfidansyalite ak sekirite enfòmasyon sante w yo se yon gwo priyorite pou Prestige Health Choice. Se sa k fè nou pran anpil prekosyon pou n pwoteje e pou n sèvi ak enfòmasyon sante w yo kòmsadwa. Enfòmasyon sante ki soti nan men w ak nan men doktè w yo, lopital yo ak lòt pwofesyonèl ak etablisman sante, se enfòmasyon sante ki pwoteje yo rele yo, kit yo transmèt yo nan bouch, kit yo bay yo pa ekri, kit yo sou fòma elektwonik. Prestige Health Choice mete sou pye yon seri politik ak dispozitif sekirite pou pwoteje enfòmasyon sa yo ak fason nou itilize yo. An jeneral, nou ka sèvi ak yo pou:

• Ba w tretman

• Ba w avantaj

• Ede ekip sante w trete w epi ede l resevwa peman yo

• Kowòdone peman yo ak lòt konpayi asirans

• Evalye e amelyore sèvis nou yo

Page 9: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

9

Epitou, nou ka itilize e nou ka pataje enfòmasyon sante w yo selon sa lalwa egzije oswa selon sa politik Prestige Health Choice yo mande. Règ konfidansyalite, sekirite ak notifikasyon vyolasyon yo, ki fè pati lwa Health Insurance Portability and Accountability Act gouvènman an adopte an 1996 (HIPAA), se prensipal lwa federal ki la pou pwoteje enfòmasyon sante w yo. Règ konfidansyalite an ba w yon seri dwa an rapò ak enfòmasyon sante w yo. Epitou, Règ konfidansyalite a mete kèk limit sou fason nou ka itilize ak fason nou ka pataje enfòmasyon sante w yo ak lòt moun. Règ sekirite a endike fason nou dwe pwoteje enfòmasyon sante w yo grasa yon seri mwayen administratif, teknik ak fizik. Si w gen kesyon sou fason nou pwoteje enfòmasyon w yo, konsilte avi sou pratik konfidansyalite nou an ki fè pati dosye akèy la. Epitou, ou ka rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856).

Seksyon 3: Jwenn èd nan men ekip sèvis pou manm yo Depatman sèvis pou manm yo ka reponn tout kesyon w yo. Nou ka ede w chwazi oswa chanje doktè prensipal ou (Primary Care Provider, PCP), fè w konnen si plan an ap peye pou yon sèvis, fè w jwenn rekòmandasyon pou al kay espesyalis, ranplase kat idantifikasyon w lan si w pèdi l, rapòte nesans yon tibebe epi esplike w nenpòt chanjman ki gendwa afekte avantaj ou menm oswa fanmi w resevwa yo.

Kontakte ekip sèvis pou manm yoOu ka rele nou nan 1-855-355-9800, oswa nan nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo 1-855-358-5856, lendi pou vandredi, soti 8:00 nan maten rive 7:00 diswa, sof nan jou fèt ofisyèl yo (tankou jou Nwèl la ak jou Thanksgiving lan). Lè w rele, asire w ou gen kat idantifikasyon w lan avè w pou n ka ede w (si w pèdi kat idantifikasyon w lan oswa si yo vòlè l nan men w, rele ekip sèvis pou manm yo).

Kontakte ekip sèvis pou manm yo lè biwo yo fèmenSi w rele lè biwo yo fèmen, tanpri kite yon mesaj. N ap rele w bak nan pwochen jou biznis. Si w gen yon kesyon ki ijan, ou ka rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856). Enfimyè nou yo disponib pou ede w 24 sou 24, 7 sou 7.

Seksyon 4: Èske w bezwen èd pou kominike? Si w pa pale anglè, nou ka ede w. Nou gen moun ki ede nou pale avè w nan lang pa w. Nou bay èd sa a gratis.

Pou moun ki andikape yo: Si w sèvi ak yon chèz woulant, si w avèg, si w gen difikilte pou tande oswa pou konprann, rele nou pou jwenn plis èd. Nou ka fè w konnen si biwo yon pwofesyonèl sante adapte pou chèz woulant yo oswa si l gen dispozitif pou ede moun kominike. Epitou, nou gen sèvis tankou:

• Sèvis relè telekominikasyon (Telecommunications Relay Service). Sèvis sa a ede moun ki gen difikilte pou tande oswa pou pale lè yo bezwen kominike nan telefòn. Rele 711 epi bay yo nimewo telefòn ekip sèvis pou manm yo. Nimewo a se 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856). Y ap mete w ak kontak ak nou.

Page 10: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

10

• Enfòmasyon ak dokiman nan gwo karaktè, nan fòma odyo (son) ak nan bray.

• Èd pou pran randevou w yo oswa pou al nan randevou w yo.

• Non ak adrès pwofesyonèl sante ki espesyalize nan andikap ou a.

Nou ba w tout sèvis sa yo gratis.

Seksyon 5: Sa pou w fè lè enfòmasyon w yo chanjeSi youn nan enfòmasyon pèsonèl ou yo chanje, fè nou konn sa osito sa posib. Ou ka rele ekip sèvis pou manm yo pou sa. Nou dwe anmezi pou n kontakte w pou tout sa ki gen rapò ak bezwen w yo nan domèn swen sante.

Depatman timoun ak fanmi an (Department of Children and Families, DCF) bezwen konnen lè non w, adrès ou, konte w oswa nimewo telefòn ou chanje tou. Rele DCF na nimewo gratis 1-866-762-2237 (nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo se 1-800-955-8771) lendi pou vandredi, soti 8:00 nan maten rive 5:30 nan aprèmidi. You Epitou, ou ka ale sou sit Entènèt la epi fè chanjman ki nesesè yo sou kont Automated Community Connection to Economic Self Sufficiency (ACCESS) pa w la nan adrès https://dcf-access.dcf.state.fl.us/access/index.do. Epitou, ou ka kontakte Administrasyon sekirite sosyal la (Social Security Administration, SSA) pou rapòte chanjman an. Rele SSA nan nimewo gratis 1-800-772-1213 (nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo se 1-800-325-0778), lendi pou vandredi, soti 7:00 nan maten rive 7:00 diswa. Epitou, ou ka kontakte biwo sekirite sosyal ki nan zòn kote w rete a oswa ale sou sit Entènèt la epi fè chanjman ki nesesè yo sou kont sekirite sosyal pa w la nan adrès https://secure.ssa.gov/RIL/SiView.do.

Seksyon 6: Pou konnen si w kalifye pou Medicaid Pou ale nan randevou w yo pou swen sante e pou Prestige Health Choice ka peye pou sèvis ou yo, ou sipoze gen Medicaid e ou sipoze enskri nan plan nou an. Yo rele sa kalifye pou Medicaid. Se DCF ki deside si yon moun kalifye pou Medicaid.

Pafwa, ka gen kèk bagay ki chanje nan lavi w epi chanjman sa yo ka fè w vin kalifye pou Medicaid oswa yo ka fè w pa kalifye ankò. Li enpòtan anpil pou w verifye si w gen Medicaid anvan w al nan randevou w yo. Menm si w gen yon kat idantifikasyon anba plan an, sa pa vle di ou toujou gen Medicaid. Pa bay tèt ou pwoblèm! Si w panse sitiyasyon w chanje parapò ak Medicaid oswa si w gen lòt kesyon sou Medicaid, rele ekip sèvis pou manm yo e nou ka ede w tcheke sa.

Si w vin pa kalifye pou Medicaid ankòSi w vin pa kalifye pou Medicaid ankò, lèfini ou vin kalifye ankò sou 180 jou, n ap enskri w nan plan nou an ankò.

Si w gen Medicare Si w gen Medicare, kontinye itilize kat idantifikasyon Medicare w la lè w bezwen sèvis medikal (tankou lè w al kay doktè oswa lè w al lopital), men bay pwofesyonèl sante a kat idantifikasyon plan Medicaid ou a tou.

Page 11: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

11

Si w ansentSi w gen yon bebe, l ap enskri nan plan nou an apati dat nesans li. Rele ekip sèvis pou manm yo pou fè nou konnen bebe w fèt e n ap fè tout sa ki nesesè pou l enskri nan plan an e pou l jwenn Medicaid tousuit.

Li t ap bon si w te fè nou konnen ou ansent anvan bebe w fèt pou asire w bebe w jwenn Medicaid. Rele DCF nan nimewo gratis 1-866-762-2237 pandan w ansent. Si w bezwe èd pou pale ak DCF, ban nou yon koutfil. DCF pral fè sa ki nesesè pou bebe w jwenn Medicaid nan jou li fèt la. W ap resevwa yon nimewo Medicaid pou bebe w. Fè nou konnen nimewo Medicaid bebe w la kou w jwenn li.

Seksyon 7: Enskripsyon nan plan nou anLè w enskri nan plan nou an pou premye fwa, w ap gen 120 jou pou eseye plan an. Si w pa renmen l pou kèlkeswa rezon an, ou ka enski nan yon lòt plan SMMC nan rejyon sa a. Kou 120 jou sa yo fin pase, w ap enskri nan plan nou an pou rès ane a. Lè sa a, nou di ou bloke nan yon plan. Lè w fin pase yon ane nan plan nou an, ou ka deside kenbe plan sa a oswa ou ka chwazi yon lòt plan. Sa rive chak ane ou gen Medicaid, lèfini w ap patisipe nan pwogram SMMC a.

Peryòd enskripsyon ouvèPeryòd enskripsyon ouvè a se yon peryòd ki kòmanse 60 jou anvan plan nou an fini pou ane a. Fonksyonè eta a ki responsab enskripsyon yo pral voye w yon lèt pou fè w konnen ou gen posiblite chanje plan si w vle. Yo rele sa peryòd enskripsyon ouvè a. Ou pa oblije chanje plan. Si w kite plan nou an pou enskri nan yon lòt, nouvo plan an ap kòmanse lè w fini ane a nan plan nou an. Kou w enskri nan nouvo plan an, w ap gen yon lòt 60 jou pou deside si w vle kenbe plan sa a oswa si w pi pito yon lòt plan anvan w vin bloke pou ane a. Ou ka rele fonksyonè ki responsab enskripsyon yo nan 1-877-711-3662 (nimewo TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-866-467-4970).

Seksyon 8: Fason pou kite plan nou an (dezenskripsyon)Lè w kite yon plan, yo rele sa dezenskri. Si w ta renmen soti nan plan nou an alòske ou bloke, w ap gen pou rele fonksyonè eta a ki responsab enskripsyon yo. Lalwa pa otorize pèsonn kite yon plan oswa chanje plan pandan peryòd yo bloke a, sof pou kèk rezon espesyal. Moun ki responsab enskripsyon yo pral mande w pou ki rezon ou vle kite plan an. Moun ki responsab enskripsyon yo pral fè w konnen si rezon ou bay la pèmèt ou chanje plan.

Ou ka kite plan nou an nenpòt lè pou rezon sa yo (yo rele sa dezenskripsyon pou bonjan rezon1):

1 Pou jwenn yon lis ki mansyone tout sitiyasyon kote yon dezenskripsyon pou bonjan rezon ta posib, tanpri gade règ administratif Florida 59G-8.600: https://www.flrules.org/gateway/RuleNo.asp?title=MANAGED CARE&ID=59G-8.600

Page 12: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

12

• W ap resevwa swen nan men yon pwofesyonèl sante ki pa fè pati plan nou an men ki fè pati yon lòt plan.

• Nou pa peye pou yon sèvis pou rezon moral oswa pou rezon relijye.

• Ou se Amerendyen oswa natif Alaska.

• Ou rete nan yon rezidans asiste, nan yon mezon retrèt oswa nan yon etablisman swen enfimye kote w resevwa swen alontèm, lèfini etablisman sa a pa fè pati rezon nou an ankò alòske l te konn nan rezo nou an.

Mete sou sa, ou ka kite plan nou an pou rezon sa yo, depi ou gentan pase nan pwosesis doleyans ak apèl nou an2:

• Ou resevwa swen move kalite, lèfini Ajans lan gentan egzamine dosye medikal ou e li dakò avè w.

• Ou pa kapab resevwa sèvis ou bezwen yo atravè plan nou an, men ou ka resevwa yo atravè yon lòt plan.

• Ou pa t resevwa sèvis ou te bezwen yo alè san pa t gen bon rezon pou sa.

Si w gen kesyon sou posiblite pou w chanje plan, rele ekip sèvis pou manm yo oswa fonksyonè eta a ki responsab enskripsyon yo nan 1-877-711-3662 (nimewo TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-866-467-4970).

Fason yo gendwa retire w nan plan nou an (dezenskripsyon envolontè)Ajans lan gendwa retire w nan plan nou an (e pafwa nan pwogram SMMC a nèt) pou kèk rezon. Yo rele sa dezenskripsyon envolontè. Men rezon sa yo:

• Ou vin pa kalifye pou Medicaid ankò.

• W al rete deyò zòn sèvis nou oswa deyò eta Florid la.

• Ou fè espre sèvi ak kat idantifikasyon w lan yon fason ki pa kòrèk oswa ou kite yon lòt moun sèvi ak kat idantifikasyon w lan.

• Ou ekri fo preskripsyon.

• Ou menm oswa moun k ap pran swen w lan aji yon fason ki fè l difisil pou n ba w swen.

• W ap patisipe nan pwogram LTC a epi ou rete nan yon rezidans asiste oswa nan yon mezon retrèt ki pa tankou yon kay, lèfini ou pa prale nan yon etablisman ki tankou yon kay.3

Si ajans lan retire w nan plan nou an poutèt ou vyole lalwa oswa akoz konpòtman w, ou pap ka retounen nan pwogram SMMC a.

2 Pou konne ki jan w ka mande yon apèl, ale nan seksyon 13 la ki gen tit Satisfaksyon manm yo, nan paj 42.

3 Dispozisyon sa a konsène moun ki enskri nan pwogram swen alontèm nan sèlman. Si w gen kesyon sou fason etablisman w respekte egzijans federal sa a, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo oswa jesyonè dosye w.

Page 13: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

13

Seksyon 9: Fason nou jere swen w yoSi w gen yon pwoblèm sante oswa yon maladi ki mande plis sipò ak kowòdinasyon, nou gendwa asiyen w yon jesyonè dosye pou travay avè w. Jesyonè dosye w la ap ede w jwenn sèvis ou bezwen yo. Jesyonè dosye a pral travay ak lòt pwofesyonèl sante w yo pou jere swen sante w yo. Si nou asiyen w yon jesyonè dosye, lèfini ou pa vle sa, rele ekip repons rapid la nan 1-855-371-8072 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856) pou fè nou konn sa.

Si w gen yon pwoblèm ak swen w yo oswa si gen yon bagay ki chanje nan lavi w, fè jesyonè dosye w konn sa e l ap ede w deside si sèvis ou yo bezwen chanje pou w jwenn sipò ou bezwen an.

Fason pou chanje jesyonè dosye wSi w ta renmen chwazi yon lòt jesyonè dosye, rele ekip repons rapid la nan 1-855-371-8072 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856). Gen kèk sitiyasyon kote li ka nesesè pou n chanje jesyonè dosye w la. Si nou ta bezwen fè sa, n ap voye w yon lèt pou fè w konn sa.

Kèk bagay ki enpòtan pou w di jesyonè dosye w laSi gen yon bagay ki chanje nan lavi w oswa si gen yon sèvis oswa yon pwofesyonèl sante ou pa renmen, fè jesyonè dosye w la konn sa. Ou ta dwe mete jesyonè dosye w la okouran nan sitiyasyon sa yo:

• Ou pa renmen yon sèvis.

• Ou gen pwoblèm ak yon pwofesyonèl sante.

• Sèvis ou yo pa kòrèk.

• Ou jwenn yon nouvo asirans sante.

• Ou ale lopital oswa nan sal ijans lan.

• Moun k ap pran swen w lan pa kapan ede w ankò.

• Yon sitiyasyon chanje nan lavi w.

• Non w, nimewo telefòn ou, adrès ou, oswa konte w chanje.

Seksyon 10: Fason pou jwenn sèvis yoBeAnvan w jwenn yon sèvis oswa anvan w ale nan yon randevou pou swen sante, nou bezwen asire nou se toutbon ou bezwen sèvis sa a e nou dwe verifye si gen bonjan rezon medikal ki fè l nesesè pou ou. Nou rele sa otorizasyon alavans. Pou fè sa, nou konsilte antesedan medikal ou yo epi nou egzamine enfòmasyon nou jwenn nan men doktè w oswa nan men lòt pwofesyonèl sante. Se lè sa a nou deside si sèvis la ka ede w. Nou itilize règ Ajans lan bay yo pou pran jan de desizyon sa yo.

Page 14: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

14

Pwofesyonèl ak etablisman sante ki fè pati plan nou anAn jeneral, ou sipoze resevwa swen nan men doktè, lopital, ak lòt pwofesyonèl oswa etablisman sante ki fè pati rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an. Rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an se gwoup doktè, terapet, lopital, etablisman ak lòt pwofesyonèl sante ki travay ak nou yo. Ou ka chwazi nenpòt pwofesyonèl oswa etablisman sante ki fè pati rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an. Nou rele sa libète chwa. Si w resevwa sèvis nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo nou an, ou ka gen pou peye pou randevou sa a oswa pou sèvis sa a.

W ap jwenn tout pwofesyonèl ak etablisman sante ki fè pati rezo nou an nan lis pwofesyonèl ak etablisman sante nou an. Si w ta renmen resevwa yon kopi lis pwofesyonèl ak etablisman sante a, rele nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856) pou mande yon kopi oswa ale sou sit Entènèt nou an nan adrès www.prestigehealthchoice.com.

Pwofesyonèl ak etablisman sante ki pa fè pati plan nou anGen yon seri sèvis ou ka resevwa nan men pwofesyonèl ak etablisman sante ki pa fè pati rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an. Men sèvis sa yo:

• Sèvis ak founiti planing

• Sèvis sante prevansyon pou fi, tankou egzamen tete, tès depistaj pou kansè sèvikal, ak swen prenatal

• Tretman pou maladi moun transmèt nan sèks

• Swen ijans

Si nou pa ka jwenn yon pwofesyonèl sante pou sèvis sa yo nan rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an, n ap ede w jwenn yon lòt pwofesyonèl sante ki pa fè pati rezo nou an. Si w vle al kay yon pwofesyonèl sante ki pa fè pati rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an, pa bliye pale sa avèk nou dabò. Si w gen kesyon, rele ekip sèvis pou manm yo.

Plan swen dantè w la ap peye pou pifò sèvis dantè w yo, men plan medikal ou a gendwa peye pou kèk sèvis dantè. Tablo ki anba a ap ede w deside ki plan k ap peye pou yon sèvis.

Kalite sèvis dantè: Plan swen dantè a ap peye pou li:

Plan medikal la ap peye pou li:

Sèvis dantè Li peye lè w al kay dantis ou oswa kay ijyenis dantè w

Li peye lè w al kay doktè w oswa kay enfimyè w

Sèvis dantè ki planifye nan yon lopital oswa nan yon sant chirijikal

Li peye pou sèvis dantè dantis ou bay

Li peye pou doktè, enfimyè, lopital ak sant chirijikal

Vizit lopital pou yon pwoblèm dantè

Li pa peye Li peye

Page 15: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

15

Kalite sèvis dantè: Plan swen dantè a ap peye pou li:

Plan medikal la ap peye pou li:

Medikaman sou preskripsyon pou yon vizit pou swen dantè oswa pou yon pwoblèm dantè

Li pa peye Li peye

Transpò pou ale kote w ap jwenn sèvis dantè oswa pou ale nan randevou w yo

Li pa peye Li peye

Ki sa m ap gen pou m peye?Oo ka gen pou peye pou randevou oswa pou sèvis plan an pa peye pou yo. Yon sèvis nou peye pou li a se yon sèvis nou oblije bay anba pwogram Medicaid la. Tout sèvis ki mansyone nan ti liv sa a se sèvis plan an peye pou yo. Sonje, menm si plan an peye pou yon sèvis, sa pa vle di ou pral bezwen sèvis sa a. Ou ka gen pou peye pou sèvis la si nou pa t otorize l alavans.

Si w resevwa yon bòdwo nan men yon pwofesyonèl sante, rele ekip sèvis pou manm yo. Pa peye bòdwo a toutotan ou poko pale sa ak nou. Nou pral ede w.

Sèvis pou timoun yo4

Nou dwe bay manm ki gen ant 0 ak 20 an tout sèvis ki nesesè pou rezon medikal. Lalwa mande sa. Sa konsa menm si nou pa peye pou yon sèvis oswa si sèvis la gen yon limit. Depi sèvis pitit ou bezwen an se yon sèvis ki nesesè pou rezon medikal, sèvis la:

• Pa gen limit sou kantite kòb li koute a; oswa

• Pa gen limit sou kantite tan li ka dire a, tankou yon kantite èdtan oswa yon kantite jou maksimòm

Pwofesyonèl sante w la ka bezwen mande nou yon otorizasyon anvan li bay pitit ou sèvis la. Rele ekip sèvis pou manm yo si w vle konnen ki jan w ka mande sèvis sa yo.

Objeksyon moral oswa relijyeSi nou pa peye pou yon sèvis pou yon rezon moral oswa relijye, n ap fè w konnen nou pap peye pou sèvis la. Nan ka sa a, ou dwe rele fonksyonè eta a ki responsab enskripsyon yo nan 1-877-711-3662 (nimewo TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-866-467-4970). Fonksyonè ki responsab enskripsyon yo ap ede w jwenn yon pwofesyonèl sante pou sèvis sa yo.

4 Yon lòt non yo bay yo se “Tès depistaj, dyagnostik ak tretman ki fèt bonè e ki fèt yon fason ki peryodik” (Early and Periodic Screening, Diagnosis, and Treatment, oswa “EPSDT”).

Page 16: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

16

Seksyon 11: Enfòmasyon ki itil konsènan avantaj ou yo

Fason pou chwazi yon doktè prensipal (Primary Care Provider, PCP)Si w gen Medicare, tanpri rele nimewo ki sou kat idantifikasyon Medicare w la pou jwenn enfòmasyon sou PCP w.

Youn nan premye bagay ou ta dwe fè lè w enskri nan plan nou an se chwazi yon PCP. Moun sa a ka yon doktè, yon enfimyè pratisyen oswa yon asistan doktè. Ou pral kay PCP w pou egzamen regilye w yo, pou piki w yo (vaksinasyon) oswa lè w malad. Epitou, PCP w ap ede w jwenn swen nan men lòt pwofesyonèl sante oswa nan men espesyalis. Yo rele sa rekòmandasyon. Ou ka rele ekip sèvis pou manm yo pou chwazi PCP w.

Ou ka chwazi yon PCP diferan pou chak manm fanmi w oswa ou ka chwazi yon sèl PCP pou tout fanmi w. Si w pa chwazi yon PCP, n ap chwazi youn pou ou e pou fanmi w.

Ou ka chanje PCP w nenpòt lè. Pou chanje PCP w, rele ekip sèvis pou manm yo.

Fason pou chwazi yon PCP pou pitit ouOu ka chwazi yon PCP pou bebe w anvan l fèt. Nou ka ede w fè sa si w rele ekip sèvis pou manm yo. Si w pa chwazi yon doktè anvan nesans bebe w, n ap chwazi youn pou ou. Si w ta renmen chanje doktè bebe w, ban nou yon koutfil.

Li enpòtan pou w chwazi yon PCP pou pitit ou pou asire w li ale kay doktè chake ane pou egzamen sante l yo. Tout timoun ki gen ant 1 ak 20 ane sipoze al kay doktè pou egzamen sante sa yo. Se egzamen regilye ki fèt pou ede w e pou ede PCP pitit ou konnen ki jan pitit ou ye ak ki jan kwasans li ap mache. Epitou, pitit ou ka resevwa piki (vaksinasyon) nan vizit sa yo. Vizit sa yo ka ede w dekouvri kèk pwoblèm e yo ka ede pitit ou rete an sante.5

Ou ka mennen pitit ou kay yon pedyat, yon doktè sante familyal oswa yon lòt pwofesyonèl sante.

Ou pa bezwen okenn rekòmandasyon pou vizit sa yo pou pitit ou.

Epitou, ou pap peye anyen pou vizit sa yo.

Swen nan men espesyalis ak rekòmandasyonPafwa, ou ka bezwen al kay yon pwofesyonèl sante ki pa PCP w pou yon pwoblèm sante, yon blesi oswa yon maladi espesyal. Pale sa ak PCP w dabò. Se PCP w ki pral rekòmande w yon espesyalis. Yon espesyalis se yon pwofesyonèl sante ki travay nan yon domèn swen sante an patikilye.

Si w gen yon jesyonè dosye, pa bliye fè l konnen tout rekòmandasyon ou jwenn yo. Jesyonè dosye w pral travay ak espesyalis la pou l ede w jwenn swen.

5 Pou jwenn plis enfòmasyon sou tès depistaj ak sou evalyasyon yo rekòmande pou timoun yo, tanpri gade dokiman ki gen tit “Recommendations for Preventative Pediatric Health Care – Periodicity Schedule” sou www.aap.org.

Page 17: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

17

Dezyèm opinyonOu gen dwa pou resevwa yon dezyèm opinyon konsènan swen w yo. Sa vle di ou gen dwa pou pale ak yon lòt pwofesyonèl sante pou konnen sa l panse de swen w yo. Dezyèm pwofesyonèl sante sa a pral ba w opinyon pa l la. Sa ka ede w deside si yon sèvis oswa yon tretman patikilye bon pou ou. Ou ka jwenn yon dezyèm opinyon san w pa peye anyen pou sa.

PCP w, jesyonè dosye w oswa ekip sèvis pou manm yo ka ede w jwenn yon pwofesyonèl sante k ap ka ba w yon dezyèm opinyon. Ou ka chwazi nenpòt nan pwofesyonèl sante nou yo. Si w pa ka jwenn yon pwofesyonèl sante nan rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an, n ap ede w jwenn yon lòt pwofesyonèl sante ki pa fè pati rezo nou an. Si w bezwen al kay yon pwofesyonèl sante ki pa fè pati rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an pou jwenn dezyèm opinyon an, nou dwe ba w yon otorizasyon pou sa dabò.

Swen rapid Swen rapid se pa menm bagay ak swen ijans. Ou bezwen swen rapid lè w bezwen yon tretman pou yon blesi oswa yon maladi sou 48 èdtan. Byenke sante w oswa lavi w pa an danje, ou pa ka tann jiskaske PCP w disponib oswa biwo PCP a fèmen.

Si w bezwen swen rapid lè biwo yo fèmen, lèfini ou pa rive jwenn PCP w, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1- 855-358-5856) 24 sou 24, 7 sou 7.

Epitou, ou ka jwenn sant swen rapid ki pi pre w la sou sit Entènèt nou an nan adrès www.prestigehealthchoice.com.

Swen lopitalSi w bezwen al lopital pou yon randevou, pou yon operasyon oswa pou yon ospitalizasyon, se PCP w ki pral pran dispozisyon pou sa. Nou sipoze otorize sèvis lopital yo anvan w ale, sof nan ka ijans. Nou pap peye pou okenn sèvis lopital toutotan nou pa otorize yo alavans, depi se pa yon ijans.

Si w gen yon jesyonè dosye, l ap travay avè w ak pwofesyonèl sante w pou w ka resevwa sèvis ou bezwen yo lè w retounen lakay ou apre w te lopital.

Swen ijansYon ijans medikal se yon sitiyasyon kote ou tèlman malad oswa ou tèlman blese, si w pa jwenn yon èd medikal tousuit, lavi w oswa sante w ap an danje. Men kèk egzanp:

• Zo kase

• Senyen san rete

• Ou ansent, lèfini ou nan tranche oubyen w ap senyen

• Difikilte pou respire

• Pa kapab wè, bouje oswa pale bridsoukou

Page 18: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

18

Sèvis ijans se sèvis ou jwenn lè w malad anpil oswa lè w blese grav. Sèvis sa yo la pou ede w rete an vi oswa pou anpeche eta w vin pi rèd toujou. Yo konn bay jan de sèvis sa yo nan yon sal ijans.

Si eta sante w grav, rele 911 oswa ale nan sant ijans ki pi pre w la tousuit. Ou ka ale nan nenpòt lopital oswa sant ijans. Si w pa fin konnen si se yon ijans, rele PCP w. PCP w pral di w sa pou w fè.

Li pa nesesè pou lopital la oswa pou sant ijans lan fè pati rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an ni pou l nan zòn sèvis nou an. Mete sou sa, ou pa oblije jwenn yon otorizasyon alavans pou jwenn swen ijans oswa pou sèvis ou te resevwa nan yon sal ijans pou trete pwoblèm sante w la.

Si w gen yon ijans pandan w pa nan zòn kote w rete a, jwenn swen medikal ou bezwen yo. Veye pou rele ekip sèvis pou manm yo lè w ka fè sa pou fè nou konn sa.

Fason pou jwenn medikaman sou preskripsyonNou peye pou tout kalite medikaman sou preskripsyon. Nou gen yon lis medikaman nou peye pou yo. Lis sa a rele fòmilè. W ap jwenn lis sa a sou sit Entènèt nou an nan adrès www.prestigehealthchoice.com/provider/find-provider/index.aspx. Epitou, ou ka rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1- 855-358-5856) 24 sou 24, 7 sou 7.

Nou peye pou medikaman mak ak medikaman jenerik. Medikaman jenerik yo gen menm engredyan ak medikaman mak yo, lèfini yo konn pi bon mache pase medikaman mak yo. Yo travay menm jan. Pafwa, li ka nesesè pou nou otorize yon medikaman mak anvan w ka jwenn medikaman sou preskripsyon w lan.

Nou gen famasi ki fè pati rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an. Ou ka al chèche medikaman sou preskripsyon w yo nan nenpòt famasi ki fè pati rezo pwofesyonèl ak etablisman sante nou an. Pa bliye pote kat idantifikasyon plan w lan lè w pral nan famasi a.

Lis medikaman nou peye pou yo a ka chanje detanzanta, men n ap fè w konn sa.

Enfòmasyon sou famasi espesyalize Prestige Health Choice chwazi PerformSpecialty® pou bay manm yo sèvis famasi espesyalize. Se PerformSpecialty ki pral bay manm yo medikaman sou preskripsyon espesyalize. Medikaman espesyalize se yon seri medikaman ki koute chè anpil e ki la pou trete yon seri pwoblèm sante ki konplèks. Yon moun bezwen plis sipò pou l ka itilize yo kòmsadwa.

Si se nan yon lòt famasi ki fè pati rezo a ou te konn jwenn yon medikaman espesyalize, n ap voye medikaman sou preskripsyon w lan bay PerformSpecialty pou li ka remèt ou li si w ta bezwen l pi devan.

Si w dakò ak chwa sa a, ou pa bezwen fè anyen.

Si w pito al nan yon lòt famasi oswa si w gen kesyon, tanpri rele PerformRx nan 1-855-371-3963. Li disponib 24 sou 24, 7 sou 7.

Page 19: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

19

Sèvis sante konpòtmantalGen de lè ou ka bezwen pale ak yon terapet oswa ak yon konseye pwofesyonèl si w gen jan de santiman sa yo oswa si w rankontre jan de pwoblèm sa yo:

• Toujou santi w tris

• Pa anvi fè aktivite ou te konn renmen fè yo

• Santi ou pa vo anyen

• Difkilte pou dòmi

• Pa gen apeti

• Abi alkòl oswa dwòg

• Pwoblèm nan maryaj ou

• Pwoblèm pou leve pitit

Nou peye pou anpil diferan kalite sèvis sante konpòtmantal ki ka ede w jere pwoblèm ou rankontre yo. Ou ka rele yon pwofesyonèl sante konpòtmantal pou pran randevou. Pou jwenn yon pwofesyonèl sante konpòtmantal, ou ka:

• Rele ekip sèvis sante konpòtmantal pou manm yo nan 1-855-371-3967 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo: 1- 888-877-5378)

• Konsilte lis pwofesyonèl ak etablisman sante nou an

• Ale sou sit Entènèt nou an pou chèche yon pwofesyonèl sante konpòtmantal nan adrès prestigehealthchoice.prismisp.com/?brandcode=phc

Gen moun pou ede w 24 sou 24, 7 sou 7. Ou pa bezwen okenn rekòmandasyon nan PCP w pou sèvis sante konpòtmantal.

Si w anvi fè tèt ou oswa lòt moun mal, rele 911. Ou ka ale nan sal ijans oswa nan sant estabilizasyon kriz ki pi pre w la, menm si li pa nan zòn sèvis nou an. Kou w yon kote an sekirite, rele PCP w si w ka fè sa. Kontakte pwofesyonèl sante w la sou 24-48 èdtan. Si w resevwa swen ijans deyò zòn sèvis la, n ap pran dispozisyon pou transfere w nan yon lopital oswa nan yon etablisman sante ki fè pati rezo plan nou an kou eta w vin estab.

Pwogram rekonpans pou manm yoNou bay kèk pwogram pou ede w rete an sante e pou ede w viv yon fason ki pi bon pou sante w (tankou pou pèdi pwa oswa pou sispann fimen). Nou rele yo pwogram konpòtmantal ki bon pou lasante. Ou ka jwenn rekonpans lè w patisipe nan pwogram sa yo. Plan nou an bay pwogram sa yo:

Pwogram konpòtman ki bon pou lasante• Pwogram pou sispann fimen: Sispann fimen pa fasil. Sepandan, nou ka ede w kanpe.

Lè w enskri, n ap ba w yon kat kado $10. Mete sou sa, ou ka jwenn patch nikotin, lozanj ak chiklèt san preskripsyon gratis. Bagay sa yo ka ede w jere gwo anvi fimen ou gendwa santi a. Ou ka jwenn yon kat kado $10 si w patisipe nan yon seyans gwoup ak nan seminè

Page 20: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

20

pou ede w kanpe. Lè w fini pwogram nan epi ou voye sètifika akonplisman an pa lapòs bay Prestige Health Choice, w ap resevwa yon kat kado $30.

• Pwogram pou pèdi pwa: Ou ka gen posiblite resevwa kèk rekonpans nan pwogram pou pèdi pwa nou an. Ou ka jwenn yon kat kado $10 si w al kay doktè prensipal ou (primary care provider, PCP) pou pale avè l sou kesyon pèdi pwa a depi w gen yon endis mas kòporèl (body mass index, BMI) ki nan 35 oswa plis. Ou kapab resevwa plis kat kado toujou lè w al kay yon dyetetisyen oswa kay yon konseye sou nitrisyon, oswa lè w fè suivi kay PCP w la. Si w rete nan pwogram nan pandan twa mwa, lèfini ou resi bese BMI ou, ou ka jwenn yon kat kado $20. PCP w la sipoze siyen fòm akonplisman w lan anvan w retounen l bay Prestige Health Choice.

• Pwogram retablisman anba abi alkòl ak lòt sibstans: Abi alkòl oswa abi sibstans ka nui sante fizik ou ak sante mantal ou anpil. Nou ka ede w pote laviktwa sou pwoblèm sa a. N ap voye w yon kat kado $10 pa lapòs lè w enskri nan yon pwogram retablisman. Yon jesyonè swen ap ede w patisipe nan yon gwoup sipò lokal. Ou ka jwenn plizyè kat kado $10 lè w rete kèk tan sa w pa ni bwè ni pran dwòg. Ou ka jwenn premye a apre 30 jou ak dezyèm nan apre 90 jou. Annapre, ou ka jwenn yon kat kado $20 si w rete 180 jou san w pa ni bwè ni pran dwòg.

• Pwogram konpòtman ki bon pou lasante pou yon kantite tan ki limite: Nou bay lòt kalite pwogram konpòtman ki bon pou lasante pou yon kantite tan ki limite chak ane. Prestige Health Choice ap voye w yon lèt ak yon fòm akonplisman pa lapòs kou pwogram sa yo vin aktif, e n ap fè w konnen dat limit yo. Se pou w konnen dat limit sa yo enpòtan pou w retounen fòm yo bay Prestige si w vle patisipe nan pwogram sa yo. Ou menm (oswa pitit ou) ka enskri nan plizyè pwogram konpòtman ki bon pou lasante (depi w kalifye) epi ou ka resevwa jiska $50 kòm rekonpans pa ane pou chak pwogram. Ou menm (oswa pitit ou) ka enskri nan chak pwogram konpòtman ki bon pou lasante yon sèl fwa chak ane. Pa bliye yo pa ka transfere rekonpans yo. Ou pa ka itilize rekonpans yo pou alkòl, tabak, jwèt aza (tankou loto), dwòg (sof medikaman san preskripsyon), zamafe oswa minisyon. Si w kite Prestige Health Choice pou plis pase 180 jou, ou ka pa resevwa rekonpans ou. Si w gen kesyon oswa si w ta renmen enskri nan youn nan pwogram sa yo, tanpri rele nou nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856).

Pwogram jesyon maladiNou gen yon seri pwogram espesyal k ap ede w si w gen youn nan pwoblèm sante sa yo.

• Dyabèt: Pwogram dyabèt nou an aprann patisipan yo fason pou yo jere dyabèt la ak pwoblèm sante ki mache avè l yo. Sa gen ladan l fason pou manje manje ki bon pou sante w, fè egzèsis, siveye nivo sik ou nan san w, pran medikaman, ak fè sa ki nesesè pou gen mwens chans pou sibi konplikasyon oswa lòt pwoblèm sante.

• Opresyon: Pwogram opresyon nou an la pou manm ki ta renmen konnen ki fason yo ka kontwole opresyon yo a ak ki sa yo ka fè pou santi yo mye. Sa gen ladan l aprann ki jan pou w kreye yon ekip sipò pou jere opresyon w lan, pou pran medikaman pou opresyon yo kòmsadwa e pou adopte abitid k ap bon pou sante w.

• Maladi kadyovaskilè (cardiovascular disease, CVD)/ipètansyon: Pwogram CVD/ipètansyon nou an aprann patisipan yo ki jan yo ka adopte yon mòd devi ki bon pou sante kè yo. Sa gen ladan l fason pou desann ipètansyon yo ak sa pou yo fè pou yo gen mwens chans pou gen yon kriz kadyak, yon stwok, ensifizans kadyak ak lòt konplikasyon.

• Kansè: Pwogram oto-jesyon pou kansè nou an ka ede manm yo ki gen kansè pou yo gen mwens strès, pou yo jere doulè yo e pou yo travay pou gen pi bon mòd devi yo ka genyen an.

Page 21: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

21

• Bwonkonemopati kwonik obstriktif (chronic obstructive pulmonary disease, COPD): Pwogram COPD nou an aprann patisipan yo ki jan pou yo jere pwoblèm sante yo e li ede yo pote chanjman nan mòd devi yo pou yo pi byen jere COPD yo e pou amelyore kalite lavi yo.

• Sante konpòtmantal: Si w gen difikilte akoz abi opyoyid, Prestige Health Choice bay sèvis pou abi sibstans atravè Optum Behavioral Health™. Sa gen ladan l tretman opyoyid espesyalize pou manm yo. Optum™ pral ede w konnen ki sèvis ou bezwen, tankou detoksifikasyon lopital oswa lakay ou, tretman asiste ak medikaman pou soulaje sentòm ou ka sibi akoz sevraj la, konsèy pwofesyonèl ak sèvis sipò nan men moun ki menm jan avè w. Apre sa, Optum™ pral ede w jwenn yon pwofesyonèl ak/oswa yon etablisman sante k ap ede w atenn objektif ou yo. Optum™ pral kontinye suiv pwogrè w ap fè yo, l ap egzamine plan swen w lan e l ap ede w jwenn sèvis ou bezwen yo. Ou ka rele Optum™ nan 1-855-371-3967. Ou ka jwenn nimewo sa a tou nan do kat idantifikasyon w lan anba “Behavioral Health”. W ap jwenn yon lis pwofesyonèl ak etablisman sante konpòtmantal sou sit Entènèt nou an nan adrès prestigehealthchoice.prismisp.com/?brandcode=phc.

• Kesyon ki gen rapò ak fen lavi w, tankou enfòmasyon sou enstriksyon medikal alavans. Pi bon fason pou asire w y ap respekte enstriksyon medikal alavans ou yo, se ekri yo. Ou ka telechaje yon fòm sou www.floridahealthfinder.gov/reports-guides/advance-directives.aspx.

Pwogram amelyorasyon kaliteNou vle w jwenn bonjan swen sante. Nou bay yon seri pwogram siplemantè pou amelyore swen w resevwa yo. Men pwogram sa yo:

1. Pwogram pou timoun yo Pwogram byennèt ak enfòmasyon jeneral ki ka ede w kenbe pitit ou an sante, depi nesans li jis li rive nan laj 5 an. Sèvis kominotè sa yo gen enfòmasyon sou bonjan abitid manje, vaksen, bay tete ak egzamen sante ki enpòtan pou timoun yo.

2. Vyolans nan fanmi Sèvis ak pwogram nan men ajans kominotè ki ka ede w si w bezwen èd oswa enfòmasyon sou vyolans nan fanmi an.

3. Prevansyon gwosès Sèvis ak enfòmasyon ki ka reponn kesyon w yo oswa ede w pou w pa ansent san w pa t vle sa.

4. Gwosès ak planing Enfòmasyon al resous kominotè pou ede w lè w ansent oswa lè w bezwen enfòmasyon sou planing.

5. Sèvis pou kòmanse lavi a an sante Enfòmasyon sou sèvis ki disponib pou ede fi ki ansent yo ak tibebe yo, ansanm ak sèvis k ap ankouraje w resevwa swen prenatal bonè pou w ka akouche yon bebe ki an sante.

6. Evalyasyon ak konsèy an rapò ak alimantasyon nan kad swen perinatal pou fi ak timoun Enfòmasyon ak sèvis k ap ede w rete an sante, tankou enfòmasyon ak konsèy sou alimantasyon y ap bay fi, ni pou yo menm, ni pou bebe yo, pandan ak apre gwosès la.

Page 22: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

22

7. Pwogram sante konpòtmantal Kominikasyon ak sèvis pou moun ki ka bezwen yon evalyasyon ak yon tretman pou bezwen yo nan domèn sante konpòtmantal.

Ou gen dwa tou pou fè nou konnen ki chanjman ou panse nou ta dwe pote.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram amelyorasyon kalite nou yo oswa pou ban nou kèk ide, rele ekip sèvis pou manm yo.

Seksyon 12: Avantaj ki mache ak plan w lan: sèvis asistans medikal jereTablo ki anba a mansyone sèvis medikal plan nou an peye pou yo. Pa bliye, ou ka bezwen yon rekòmandasyon nan men PCP w oswa yon otorizasyon nan men nou anvan w al nan randevou w la oswa anvan w itilize yon sèvis. Sèvis yo dwe nesesè pou rezon medikal pou nou ka peye pou yo6.

Ka gen kèk sèvis nou pa peye pou yo, men Medicaid peye pou yo. Pou konnen ki sa avantaj sa yo ye, rele liy asistans Medicaid la nan 1-877-254-1055. Si w bezwen transpò pou jwenn sèvis sa yo, nou ka ede w. Ou ka rele nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856) pou pran randevou pou yon sèvis transpò.

Si gen chanjman nan sèvis nou peye pou yo oswa lòt chanjman ki afekte w, n ap fè w konn sa pa ekri omwen 30 jou anvan dat chanjman an sipoze antre anvigè a.

Si w gen kesyon sou sèvis medikal nou peye pou yo, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo.

6 Ou ka jwenn yon definisyon sou sa ki nesesè pou rezon medikal nan http://ahca.myflorida.com/medicaid/review/General/59G_1010_Definitions.pdf

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis nan yon etablisman pou moun ki gen adiksyon

Sèvis sa yo la pou ede moun ki gen pwoblèm adiksyon ak dwòg oswa ak alkòl e ki bezwen ospitalizasyon.

Selon sa ki nesesè pou rezon medikal e selon sa nou rekòmande.

Wi

Sèvis alèji Sèvis pou trete pwoblèm sante tankou estènye oswa iritasyon sou po a ki pa parèt akoz yon maladi.

Nou peye pou analiz san ak analiz po pou alèji epi nou peye jiska 156 dòz piki kont alèji chak ane.

No

Page 23: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

23

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis transpò nan anbilans

Sèvis anbilans yo la lè w bezwen swen ijans, pou yo mennen w lopital, oswa lè w bezwen yon sipò espesyal, lè yo transfere ant plizyè etablisman sante.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non: transpò atè a ann ijans pou yo mennen w lopital oswa pou yon sipò espesyal, lè yo transfere ant plizyè etablisman sante

Sèvis detoksifikasyon anbilatwa

Sèvis yo bay moun k ap sibi sentòm sevraj akoz yon adiksyon ak dwòg oswa ak alkòl san yo pa al lopital.

Selon sa ki nesesè pou rezon medikal e selon sa nou rekòmande.

Wi

Sèvis nan yon sant chirijikal anbilatwa

Operasyon ak lòt pwosedi yo fè nan yon etablisman ki pa yon lopital (anbilatwa).

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi: pwosedi kosmetik sèlman

Sèvis anestezi Sèvis pou anpeche w santi okenn doulè pandan yon operasyon oswa pandan yon lòt pwosedi medikal.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis swen asiste

Sèvis pou ede adilt yo (ki gen 18 an oswa plis) fè aktivite yo bezwen fè chak jou yo e pou ede yo pran medikaman yo.

Nou peye pou 365-366 jou nan ane a pou sèvis sa yo.

Wi

Sèvis evalyasyon sante konpòtmantal

Sèvis yo itilize pou idantifye yon pwoblèm sante mantal oswa yon pwoblèm abi sibstans.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis konplemantè pou sante konpòtmantal.

Sèvis sante konpòtmantal pou timoun (ki gen ant 0 ak 18 an) ki enskri nan yon pwogram DCF.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Page 24: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

24

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis kadyovaskilè

Sèvis ki trete kè a ak aparèy sikilasyon an (veso sangen).

Nou peye pou sèvis sa yo selon sa doktè w preskri a:• Tès kè• Pwosedi chirijikal nan kè• Aparèy pou kè a

Wi: imajeri kadyak radyoloji/nikleyè

Jesyon dosye sible nan kad sèvis sante pou timoun

Sèvis pou timoun (ki gen ant 0 a 3 an) pou ede yo jwenn swen sante ak lòt sèvis.

Pitit ou sipoze enskri nan pwogram Early Steps ki sot nan depatman lasante a (Department of Health).

Non

Sèvis chiropratik

Dyagnostik ak tretman manipilatif pou atikilasyon ki pa aliyen kòmsadwa, sitou kolòn vètebral la, ki ka lakòz lòt pwoblèm sante poutèt yo afekte nè yo, mis yo ak ògàn yo.

Nou peye pou:• Yon vizit pou yon nouvo

pasyan • 24 vizit pa ane pou yon

moun ki gentan pasyan• Radyografi

Wi: manm ki poko gen 21 an

Sèvis klinik Sèvis swen sante nan yon depatman sante konte a, nan yon sant sante gouvènman federal la kalifye oswa nan yon klinik sante riral.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis nan inite estabilizasyon kriz

Yo bay sèvis sante mantal ijans yo nan yon etablisman ki pa yon lopital nòmal.

Selon sa ki nesesè pou rezon medikal e selon sa nou rekòmande.

Wi

Sèvis dyaliz Swen medikal, tès, ak lòt tretman pou ren yo. Sèvis sa a gen ladan l founiti pou dyaliz ak lòt founiti pou trete ren yo.

Nou peye pou sèvis sa yo selon sa doktè k ap suiv ou a preskri a:• Tretman emodyaliz• Tretman dyaliz peritoneyal

Non: pou swen medikal, tès, lòt tretman pou ren yo, founiti pou dyaliz ak lòt founiti pou trete ren yo.

Page 25: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

25

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Ekipman medikal dirab ak sèvis pou founiti medikal

Yo sèvi ak ekipman medikal yo pou jere e pou trete yon pwoblèm sante, yon maladi oswa yon blesi. Yo itilize ekipman medikal dirab yo anpil fwa. Sa gen ladan l chèz woulant, sipò, beki ak lòt bagay ankò. Founiti medikal se bagay ki sipoze sèvi yon sèl fwa. Moun nan sipoze jete yo apre l itilize yo.

Gen kèk limite ki egziste selon sèvis la ak laj moun nan. Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856) pou jwenn plis enfòmasyon.

Wi: pou ekipman medikal tankou chèz woulant, sipò, beki ak lòt bagay ankò. Tanpri kontakte Coastal Care Services nan 1-855-481-0505 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 711).

Sèvis entèvansyon bonè

Sèvis pou timoun ki gen ant 0 ak 3 an e ki gen yon reta nan devlòpman yo ak lòt pwoblèm sante.

Nou peye pou:• Yon evalyasyon inisyal

pou tout lavi a (se yon ekip ki dwe fè evalyasyon sa a)

• Jiska 3 tès depistaj pa ane• Jiska 3 evalyasyon suivi

pa ane• Jiska 2 sesyon fòmasyon

oswa sesyon sipò pa semèn

Non

Sèvis transpò ann ijans

Transpò nan anbilans oswa nan anbilans ayeryèn (elikoptè oswa avyon) pou mennen w lopital akoz yon ijans.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi: pou transpò ijans nan avyon ak nan elikoptè

Non: pou transpò atè a ann ijans e pou apèl nan 911 pou jwenn yon transpò

Page 26: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

26

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis evalyasyon ak jesyon

Sèvis kay doktè pou rete an sante e pou evite oswa trete yon maladi.

Nou peye pou:• Yon tès depistaj sante pou

adilt (egzamen) pa ane• Egzamen sante pou

timoun yo fèt selon laj timoun nan e selon bezwen l yo nan domèn devlòpman

• Yon vizit chak mwa pou moun ki rete nan yon sant swen enfimye

• Jiska de vizit kay doktè chak mwa pou adilt pou trete yon maladi oswa yon pwoblèm sante

Non

Sèvis terapi familyal

Sèvis pou fanmi k ap patisipe nan sesyon terapi ak yon pwofesyonèl sante mantal.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis gastwo-entestinal

Sèvis pou trete pwoblèm sante oswa maladi ki gen rapò ak lestomak la oswa ak aparèy dijestyon an.

Nou peye pou:• Nou peye pou li selon

sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis jenito-irinè

Sèvis pou trete pwoblèm sante oswa maladi ki gen rapò ak ògàn jenital yo oswa ak aparèy irinè a.

Nou peye pou:• Nou peye pou li selon

sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis terapi an gwoup

Sèvis pou yon gwoup moun k ap patisipe nan sesyon terapi ak yon pwofesyonèl sante mantal.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis odisyon Tès, tretman ak founiti pou odisyon pou dyagnostike oswa trete pwoblèm odisyon. Sa gen ladan l aparèy pou ede w tande ak reparasyon aparèy sa yo.

Nou peye pou tès odisyon yo e pou sèvis sa yo selon sa doktè w preskri a:• Enplan kokleyè• Yon nouvo aparèy pou

tande pou chak zòrèy, yon fwa chak 3 an

• Reparasyon

Non

Page 27: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

27

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis sante lakay

Sèvis enfimyè ak asistans medikal yo ba w lakay ou pou ede w jere yon pwoblèm sante, yon maladi oswa yon blesi, oswa pou ede w refè annapre.

Nou peye pou:• Jiska 4 vizit pa jou pou

benefisyè ki ansent yo e pou benefisyè ki gen ant 0 ak 20 an

• Jiska 3 vizit pa jou pou tout lòt benefisyè yo

Wi

Tanpri kontakte Coastal Care Services nan 1-855-481-0505 pou jwenn yon otorizasyon pou sèvis sante lakay e pou DME ak founiti yo bay lakay pasyan an

Sèvis ospis Swen medikal, tretman ak sèvis sipò afektif pou moun ki gen yon maladi tèminal oswa ki pa gen anpil tan ki rete pou yo viv, pou yo ka alèz e pou yo pa gen doulè. Sèvis sipò sa yo disponib pou manm fanmi yo e pou moun k ap pran swen yo tou.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Sèvis terapi endividyèl

Sèvis pou moun k ap patisipe nan sesyon terapi endividyèl ak yon pwofesyonèl sante mantal.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Page 28: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

28

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis lopital pandan pasyan an entène

Swen medikal ou resevwa pandan ou lopital. Sa gen ladan l tès, medikaman, terapi ak tretman, vizit doktè ak ekipman yo itilize pou trete w.

Nou peye pou sèvis lopital san yo pandan pasyan an entène, selon laj pasyan an ak sitiyasyon l lan:• Jiska 365/366 jou pou

benefisyè ki gen ant 0 ak 20 an

• Jiska 45 jou pou tout lòt benefisyè yo (nou peye pou plis jou nan sitiyasyon ijans)

Wi: pou tout manm ki poko gen venteyen (21) ane ak adilt ki ansent yo, jiska twa san swasantsenk (365) jou. Pou tout adilt ki pa ansent yo, jiska karantsenk (45) jou pandan yo entène e jiska twa san swasantsenk (365) jou pou swen ijans pandan yo entène. Sa gen ladan l sante konpòtmantal tou. Omwen karantuit (48) èdtan apre yon akouchman natirèl nòmal, e omwen katrevensèz (96) èdtan apre yon sezaryèn.

Sèvis tegimantè Sèvis pou dyagnostike oswa pou trete yon pwoblèm sante oswa yon maladi nan po a.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi: pwosedi kosmetik sèlman

Sèvis laboratwa Sèvis pou analize san an, pipi a, dlo nan bouch ak lòt bagay ki sot nan kò a pou detekte yon pwoblèm sante oswa yon maladi.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis medikal nan kad akèy nan fwaye

Sèvis k ap ede timoun ki gen pwoblèm sante e ki abite nan yon fwaye akèy.

Depatman timou ak fanmi an sipoze responsab pou timoun nan.

Non

Sèvis tretman asiste ak medikaman

Sèvis pou ede moun ki gen pwoblèm adiksyon ak dwòg.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Page 29: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

29

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis jesyon medikaman

Sèvis pou ede moun konprann fason pou yo pran medikaman e pou ede yo fè bon chwa nan domèn sa a.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Sèvis nan pwogram ospitalizasyon pasyèl pou sante mantal

Tretman yo bay 4 èdtan pa jou oswa plis, plizyè jou chak semèn, pou moun k ap retabli anba yon maladi mantal.

Selon sa ki nesesè pou rezon medikal e selon sa nou rekòmande.

Wi

Jesyon dosye sible nan kad sante mantal

Sèvis pou ede moun ki gen maladi mantal jwenn èd medikal ak swen sante konpòtmantal.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis evalyasyon ak entèvansyon mobil pou kriz

Yon ekip pwofesyonèl sante k ap bay sèvis sante mantal nan sitiyasyon ijans. Yo konn al lakay moun nan pou sa.

Selon sa ki nesesè pou rezon medikal e selon sa nou rekòmande.

Non

Sèvis newoloji Sèvis pou dyagnostike oswa pou trete yon pwoblèm sante oswa yon maladi nan sèvo a, nan kolòn vètebral la oswa nan sistèm nève a.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis transpò san pa gen ijans

Transpò pou ale nan randevou medikal ou yo e pou retounen lakay ou annapre. Sa ka fèt nan bis, nan yon kamyonèt ki ka transpòte moun ki andikape, nan taksi oswa nan lòt kalite veyikil.

Nou peye pou sèvis sa yo pou benefisyè ki pa gen transpò yo:• Vwayaj ki pa fèt nan eta a• Transfè ant plizyè lopital

oswa etablisman sante• Eskòt lè sa nesesè pou

rezon medikal

Non: tanpri kotante Access2Care nan 1-855-371-3968 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 711) pou pran randevou pou yon sèvis transpò si sitiyasyon an pa ijan.

Sèvis nan yon etablisman swen enfimye

Swen medikal oswa swen enfimye ou resevwa pandan w rete nan yon etablisman swen enfimye. Ou gendwa rete nan etablisman sa a pou yon reyabilitasyon akoutèm oswa alontèm.

Nou peye pou 365-366 jou nan ane a pou sèvis nan yon etablisman swen enfimye selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Page 30: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

30

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis ègoterapi Ègoterapi gen ladan l tretman k ap ede w fè bagay ou bezwen fè chak jou yo, tankou ekri, manje ak itilize bagay ki nan kay la.

Nou peye pou timoun ki gen ant 1 ak 20 an e pou adilt: • Yon evalyasyon inisyal pa

ane• Jiska 210 minit tretman pa

semèn• Yon evalyasyon inisyal pou

chèz woulant chak 5 aneNou peye pou sèvis sa yo pou moun tout laj:• Evalyasyon suivi pou

chèz woulant, youn lè yo livre l la ak yon lòt 6 mwa annapre

Wi

Sèvis operasyon nan bouch

Sèvis pou rache dan e pou trete lòt pwoblèm sante oswa maladi nan bouch ak nan kavite bouch la.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi: pwosedi kosmetik sèlman

Sèvis òtopedik Sèvis pou dyagnostike oswa pou trete yon pwoblèm sante oswa yon maladi nan zo oswa nan atikilasyon.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis lopital pandan pasyan an pa entène

Swen medikal ou resevwa pandan ou lopital san w pa rete lannuit. Sa gen ladan l tès, medikaman, terapi ak tretman, vizit doktè ak ekipman yo itilize pou trete w.

Nou peye pou sèvis ijans selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi: selon pwosedi a

Sèvis jesyon doulè

Tretman pou doulè ki dire anpil tan e ki pa amelyore apre yo bay pasyan an lòt sèvis.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal. Ka gen kèk limit selon sèvis la.

Wi

Page 31: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

31

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis fizyoterapi Fizyoterapi gen ladan l egzèsis, detire ak lòt tretman pou ede kò w vin pi djanm e pou ede w santi w mye apre yon blesi oswa yon maladi, oswa akoz yon pwoblèm sante.

Nou peye pou timoun ki gen ant 1 ak 20 an e pou adilt: • Yon evalyasyon inisyal pa

ane• Jiska 210 minit tretman pa

semèn• Yon evalyasyon inisyal pou

chèz woulant chak 5 aneNou peye pou sèvis sa yo pou moun tout laj:• Evalyasyon suivi pou

chèz woulant, youn lè yo livre l la ak yon lòt 6 mwa annapre

Wi

Sèvis podyatri Swen medikal ak lòt tretman pou pye yo.

Nou peye pou:• Jiska 24 vizit kay doktè pa

ane• Swen pou pye e pou zong• Radyografi ak lòt imajeri

pou pye, cheviy ak pati enferyè janm nan

• Operasyon nan pye, nan cheviy ak nan pati enferyè janm nan

Non

Sèvis medikaman sou preskripsyon

Sèvis sa a la pou medikaman doktè w oswa yon lòt pwofesyonèl sante preskri w.

Nou peye pou:• Yon rezèv medikaman ki

ka dire jiska 34 jou pou chak preskripsyon

• Nouvo medikaman w al chèche yo lè medikaman w yo fini, selon preskripsyon an

Konsilte lis medikaman prefere yo sou Entènèt nan adrès www.prestigehealth choice.com

Sèvis enfimyè prive

Sèvis yon enfimyè bay lakay moun nan depi moun nan gen ant 0 ak 20 an e li bezwen swen toutan.

Nou peye pou:

• Jiska 24 èdtan chak jou

Wi

Sèvis lopital sikyatrik espesyalize

Sèvis sante mantal ijans yo bay nan yon etablisman ki pa yon lopital nòmal.

Selon sa ki nesesè pou rezon medikal e selon sa nou rekòmande.

Wi

Sèvis tès sikolojik

Tès yo itilize pou idantifye pwoblèm sante konpòtmantal.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Page 32: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

32

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis reyabilitasyon sikososyal

Sèvis pou ede moun rekòmanse viv yon fason ki nòmal. Sa gen ladan l aktivite yo bezwen fè chak jou, tankou fè manje, jere lajan ak fè travay nan kay la.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Sèvis radyoloji ak medsin nikleyè

Sèvis ki gen imajeri, tankou radyografi, imajeri ak rezonans mayetik (MRI) oswa tomodansitometri (CAT scan). Sa gen ladan l radyografi pòtab tou.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi: pou eskàn CT, MRI, MRA, PET ak imajeri kadyak nikleyè

Non: pou radyografi ak radyografi pòtab lè se yon pwofesyonèl sante ki patisipe nan rezo a ki fè l

Sèvis nan yon sant swen entansif perinatal rejyonal

Sèvis yo bay ki ki ansent yo ak tibebe ki fèk fèt yo nan lopital ki gen yon sant swen espesyal pou jere pwoblèm sante ki grav yo.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Sèvis repwodiksyon

Sèvis pou fi ki ansent yo oswa pou fi ki ta renmen ansent yo. Sa gen ladan l sèvis planing k ap bay medikaman ak founiti kontrasepsyon pou ede w planifye konbyen moun w ap gen nan fanmi w.

Nou peye pou sèvis planing. Ou ka jwenn sèvis ak founiti sa yo nan men pwofesyonèl sante Medicaid ou a. Li pa nesesè pou l fè pati plan nou an. Ou pa bezwen okenn otorizasyon alavans pou jan de sèvis sa yo. Sèvis sa yo gratis. Sèvis sa yo volontè e yo konfidansyèl, menm si w poko gen 18 an.

Non

Page 33: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

33

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis respiratwa

Sèvis pou trete pwoblèm sante oswa maladi ki gen rapò ak poumon yo oswa ak aparèy respiratwa a.

Nou peye pou:• Tès respiratwa• Pwosedi chirijikal

respiratwa• Jesyon aparèy respiratwa

Wi

Sèvis inaloterapi

Sèvis pou benefisyè ki gen ant 0 ak 20 an pou ede yo respire pandan y ap resevwa yon tretman pou yon pwoblèm sante oswa yon maladi respiratwa.

Nou peye pou:• Yon evalyasyon inisyal

pa ane• Yon nouvo evalyasyon

pou terapi chak 6 mwa• Jiska 210 minit tretman

terapi pa semèn (maksimòm 60 minit pa jou)

Wi

Oto-èd/sèvis nan men moun ki menm jan ak pasyan an

Sèvis pou ede moun k ap retabli anba yon adiksyon oswa anba yon maladi mantal.

Selon sa ki nesesè pou rezon medikal e selon sa nou rekòmande.

Wi

Sèvis terapetik espesyalize

Sèvis yo bay timoun ki gen ant 0 ak 20 an e ki gen yon maladi mantal oswa yon pwoblèm abi sibstans.

Nou peye pou sèvis sa yo selon sa ki nesesè pou rezon medikal:• Evalyasyon• Sèvis nan kad akèy nan

fwaye• Sèvis lakay an gwoup

Wi

Sèvis òtofoni Sèvis ki gen tès ak tretman pou ede w pale oswa vale pi byen.

Nou peye pou sèvis sa yo pou timoun ki gen ant 0 ak 20 an:• Aparèy ak sèvis

kominikasyon• Jiska 210 minit tretman

pa semèn• Yon evalyasyon inisyal

pa ane

Nou peye pou sèvis sa yo pou adilt:• Yon evalyasyon

kominikasyon chak 5 ane

Wi

Page 34: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

34

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis nan pwogram sikyatrik pandan pasyan an entène nan tout eta a

Sèvis pou timoun ki gen yon maladi mantal ki grav e ki bezwen yon tretman nan yon etablisman sante.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal pou timoun ki gen ant 0 ak 20 an.

Wi

Sèvis terapi sante konpòtmantal kote pasyan an rete a

Sèvis yon ekip bay timoun ki gen ant 0 ak 20 an e ki gen pwoblèm sante konpòtmantal pou yo pa oblije entène nan yon lopital oswa nan yon lòt etablisman sante.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Non

Sèvis grèf Sèvis ki gen tout operasyon ak tout swen anvan ak apre operasyon an.

Nou peye pou li selon sa ki nesesè pou rezon medikal.

Wi

Sèvis aparèy pou ede w wè

Aparèy pou ede w wè se linèt, lantiy kontak ak pwotèz (fo) je.

Nou peye pou sèvis sa yo selon sa doktè w preskri a:• De pè linèt pou timoun ki

gen ant 0 ak 20 an• Lantiy kontak• Pwotèz je

Non

Sèvis swen je Sèvis pou teste e pou trete pwoblèm sante ak maladi nan je.

Non

Page 35: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

35

Avantaj ki mache ak plan w lan: avantaj siplemantèAvantaj siplemantè se yon seri pwodui oswa sèvis anplis nou ba w gratis. Rele ekip sèvis pou manm yo pou mande l ki fason ou ka resevwa avantaj siplemantè.

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Akiponkti Yon tretman yo itilize pou soulaje doulè w.

Yon maksimòm 12 vizit chak ane pou manm ki gen doulè egi ak doulè kwonik.

Non

Sèvis odisyon pou adilt

Sèvis odisyon pou adilt yo gen ladan yo aparèy pou ede w tande.

Yon aparèy pou ede w tande ak yon evalyasyon chak de ane.

Wi

Sèvis vizyon pou adilt

Sèvis vizyon pou adilt yo gen ladan yo linèt ak lantiy kontak.

Yon egzamen je pa ane, yon rezèv lantiy kontak pou sis mwa ak yon preskripsyon, yon pè linèt pa ane.

Wi

Pou sèvis vizyon, tanpri kontakte Premier Eye Care

Sèvis evalyasyon

Evalyasyon apwofondi pou pwoblèm abi sibstans.

San limit. Non

Tès sikolojik yo itilize pou idantifye pwoblèm sante konpòtmantal.

San limit. Wi

Sèvis/tretman yo bay lajounen pou sante konpòtmantal

Tretman yo bay lajounen pou bezwen sante konpòtmantal ki gen rapò ak aktivite moun nan dwe fè chak jou yo.

San limit, men moun nan sipoze patisipe nan pwogram jesyon dosye a.

Non

Sèvis gadri, adilt San limit. NonSèvis tès depistaj pou sante konpòtmantal.

Evalyasyon ak tès depistaj pou pwoblèm sante konpòtmantal ak abi sibstans.

San limit. Non

Sèvis medikal pou sante konpòtmantal (konvèsasyon)

Konvèsasyon ak yon pwofesyonèl medikal sou sante mantal ou ak/oswa sou bezwen w yo nan domèn abi sibstans.

San limit. Non

Sèvis medikal pou sante konpòtmantal (konvèsasyon)

Sèvis ak yon pwofesyonèl medikal ki ka sèvi ak medikaman pou trete pwoblèm sante mantal ak abi sibstans.

San limit. Non

Page 36: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

36

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sèvis medikal pou sante konpòtmantal (tès depistaj pou dwòg)

Tès depistaj pou alkòl ak lòt dwòg atravè echantiyon pipi.

San limit. Non

Sèvis telefòn selilè

Avantaj sa a ka ede w kenbe kontak ak Prestige Health Choice oswa ak pwofesyonèl sante w yo pou w ka rete an sante.

Yon telefòn selilè, 350 minit; mesaj tèks san limit, 1 GB estokaj, apèl san limit ak Prestige Health Choice.

Non

Chiropratik Sèvis ak tretman nan men yon pwofesyonèl chiropratik.

24 vizit siplemantè, pou yon total 48 vizit pa ane.

Non

konpòtman ak konesans grasa òdinatè

Sèvis sante ak konpòtman, tankou evalyasyon ak terapi nan yon gwoup, oswa ak fanmi w, oswa sesyon envidyèl ak yon pwofesyonèl sante mantal pandan w gen yon maladi fizik.

San limit. Non

Entèvansyon sante ak konpòtman fanmi an (san pasyan an pa la)

San limit. Non

Sèvis doula Sèvis pandan gwosès la nan men yon pwofesyonèl ki fòme pou l ede w akouche e pou bay manm ki ansent yo sipò ak enfòmasyon.

Vizit san limit pou manm ki ansent yo:

Non, men yon rekòmandasyon nesesè nan men pwogram matènite Bright Start la

Repa yo voye lakay pou manm ki nan yon gwosès ak gwo risk

Ou ka mande pou yo voye w repa lakay ou si pwofesyonèl sante w panse gwosès ou se yon gwosès ki mache ak gwo risk.

Jiska de repa pa jou pandan 30 jou. Se manm ki nan yon gwosès ak gwo risk e ki ranpli kondisyon plan an bay sou sèvis ki nesesè pou rezon medikal sèlman ki ka resevwa sèvis sa a.

Wi

Page 37: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

37

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Repa yo voye lakay apre yo egzeyate pasyan an

Ou ka mande pou yo voye w repa lakay ou apre w soti nan yon etablisman sante.

Jiska de repa pa jou pandan yon maksimòm sèt jou pou manm ki fèk soti lopital yo akoz yon pwoblèm sante medikal. Yo gendwa pwolonje sèvis sa a si direktè medikal la otorize sa.

Wi

Sèvis enfimyè/èd sante lakay

Sèvis ki ka ede w fè aktivite ou bezwen fè chak jou yo, tankou benyen, met rad sou ou ak manje.

Jiska 48 vizit pou chak gwosès pou yon èd sante lakay. Se manm ki nan yon gwosès ak gwo risk e ki ranpli kondisyon plan an bay sou sèvis ki nesesè pou rezon medikal sèlman ki ka resevwa sèvis sa a, lèfini yo bezwen yon preskripsyon doktè a pou sa.

Wi

Vizit lakay nan men yon travayè sosyal klinik

Sèvis pou bay sipò ak enfòmasyon k ap ede fi ki nan yon gwosès ak gwo risk pou yo amelyora kalite lavi yo.

Yon maksimòm 24 vizit pa ane pou manm ki nan yon gwosès ak gwo risk, lèfini yo bezwen yon preskripsyon doktè a pou sa.

Wi

Èd pou jwenn yon kay

Èd pou manm ki nan yon gwosès ak gwo risk pou yo jwenn resous kominotè k ap ede yo jwenn yon kote pou yo rete.

Èd pou jwenn resous kominotè k ap ede w jwenn yon kote pou w rete ak altènativ nan domèn sa a. Maksimòm $500 pou tout lavi a pou jwenn yon altènativ nan domèn lojman pandan yon peryòd tranzisyon. Se sèlman manm ki gen yon gwosès ak gwo risk e ki pa gen kote pou yo rete ki ka benefisye yon asistans finansye.

Wi

Tretman entansif san pasyan an pa entène

Sèvis tretman san pasyan an pa entène nan yon pwogram pou abi sibstans ki gen reyinyon twa jou pa semèn pandan twazèdtan chak jou.

San limit. Wi

Page 38: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

38

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Masoterapi Terapi pou tretman doulè a. Leplisouvan, se avèk men l ak dwèt li terapet la fè masaj la.

Yon maksimòm 12 vizit chak ane pou masaj medikal nan men yon masoterapet oswa yon chiropraktè ki fè pati rezo a.

Yon otorizasyon alavans nesesè pou yon fizyoterapet. Otorizasyon alavans lan pa nesesè pou yon chiropraktè.

Repa – Pandan transpò san ijans nan menm jounen an

Sèvis sa a ranbouse w pou sa repa yo koute lè w gen pou soti lakay ou pou ale nan yon randevou medikal.

Gen yon limit $50 pa jou ak yon maksimòm $250 pou ane a.

Wi

Founiti medikal Founiti medikal se bagay ki sipoze sèvi yon sèl fwa. Moun nan sipoze jete yo apre l itilize yo.

Ka gen kèk limit selon sèvis la. Rele Coastal Care Services nan 1-855-481-0505 pou jwenn plis enfòmasyon.

Wi

Pwodui pou enkontinans 200 pa mwa. Ou ka itilize nenpòt konbinezon kòd sa yo, men pou yon maksimòm 200 inite.

Wi: ou bezwen yon rekòmandasyon jesyon dosye

Sèvis lakay ki gen rapò ak sante

Yon sèvis netwayaj tapi pou ede adilt yo kontwole opresyon yo.

Wi

Tretman asiste ak medikaman

Yon pwogram anba lisans ki bay medikaman pou soulaje sentòm sevraj ki parèt akoz dwòg oswa alkòl, ansanm ak konsèy pwofesyonèl pou bay pasyan an sipò.

San limit. Non

Page 39: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

39

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Sikonsizyon tibebe

Yon operasyon ou gen posiblite fè pou tigason w ki fèk fèt la.

Li disponib pandan w lopital toujou ak kay pwofesyonèl sante w la sou 90 jou apre nesans lan.

Wi, si bebe a gen plis pase 90 jou

Konsèy an rapò ak alimantasyon

Sèvis sa a ba w enfòmasyon sou manje ki bon pou w yo selon eta sante w. Sèvis sa yo ka ede fè bon chwa lè w ap achte manje e yo ka aprann ou fèk fason pou w prepare manje sa yo lakay ou.

San limit. Non

Ègoterapi Sèvis ègoterapi pou adilt. Yon evalyasyon inisyal ak yon nouvo evalyasyon chak ane. Jiska sèt inite tretman pa semèn.

Wi

Medikaman/founiti san preskripsyon

Sèvis sa a pèmèt ou jwenn founiti sante ak bagay tankou aspirin, vitamin, atik premye sekou ak medikaman pou tous la.

$25 chak mwa, pou chak fwaye. Manm nan ka achte pwodui ki apwouve yo sèlman.

Non

Fizyoterapi Sèvis fizyoterapi pou adilt Yon evalyasyon ak yon nouvo evalyasyon chak ane. Jiska sèt tretman terapi pa semèn.

Wi

Vizit prenatal/perinatal

Vizit pandan gwosès la anvan ak apre akouchman an

San limit. Wi

Pou jwenn yon otorizasyon pou ponp pou bay tete wo nivo yo ba w lakay ou, tanpri kontakte Coastal Care Services nan 1-855-481-0505

Page 40: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

40

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Vizit swen primè (adilt ki pa ansent yo)

Vizit kay PCP w San limit. Non

Inaloterapi Sèvis inaloterapi pou adilt Yon evalyasyon ak yon nouvo evalyasyon chak ane. Yon vizit inaloterapi pa jou.

Non

Òtofoni Sèvis òtofoni pou adilt Yon vizit evalyasyon chak ane.

Wi

Kou natasyon (pou anpeche moun neye)

Kou pou aprann timoun naje e pou montre yo ki jan pou yo rete an sekirite bò dlo.

Nan chak mwa avril, ap gen yon peryòd enskripsyon ouvè pou jiska 1000 timoun. N ap anonse peryòd enskripsyon ouvè a nan ti liv pou manm yo, sou sit Entènèt plan an ak nan lèt nou voye pa lapòs. N ap peye jiska $200 pou chak timoun pou yon ajans oswa pou yon enstriktè sètifye plan an apwouve.

Wi

Terapi (atistik) Aktivite kreyatif, tankou desen ak penti, nan kad tretman w lan.

Jiska sèt sesyon pa ane san pasyan an pa entène.

Wi

Terapi (monte cheval)

Monte cheval ak yon pwofesyonèl sante konpòtmantal nan kat tretman w lan.

Jiska twa sesyon pa ane pou manm ki gen yon pwoblèm abi sibstans oswa yon pwoblèm sante kwonik nan kad pwogram jesyon swen an.

Wi

Terapi (gwoup) Terapi pou yon gwoup moun ak yon pwofesyonèl sante mantal.

San limit. Non

Terapi (endividyèl/familyal)

Fòmasyon ak sante edikasyon sou fason pou jere pwoblèm sante mantal k ap andikape manm nan.

San limit. Non

Page 41: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

41

Sèvis Deskripsyon

Sa nou peye pou li ak limit (si w resevwa sèvis sa yo nan men yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante ki pa fè pati rezo Prestige

Health Choice la, ou ka gen pou peye pou sèvis sa a)

Otorizasyon alavans

Terapi (ti bèt) Volontè ak ti bèt yo pou ede w nan tretman oswa terapi w la.

Jiska twa sesyon pa ane pou manm ki nan pwogram jesyon swen an pou yon pwoblèm sante kwonik. Pasyan an ka resevwa swen pandan li entène sèlman si l nan sant swen entansif lopital la pou l resevwa yon tretman.

Wi

Sèvis terapi sante konpòtmantal kote pasyan an rete a

Sèvis yon ekip bay moun ki gen pwoblèm sante konpòtmantal pou yo pa oblije entène nan yon lopital oswa nan yon lòt etablisman sante.

San limit. Non

Jesyon dosye sible

Sèvis sa a ede w jwenn sèvis swen sante ak sante konpòtmantal.

San limit. Non

Vaksen (TDaP) Yon vaksen pou ede fi ki ansent yo rete an sante pandan gwosès yo.

Yon vaksen pou chak gwosès.

Non

Vaksen (grip) Yon vaksen pou ede w gen mwens chans pou w pran grip la.

Yon vaksen pa ane pou chak moun ki enskri.

Non

Vaksen (zona (saranpyon – zostè))

Yon vaksen pou ede w gen mwens chans pou w pran zona.

Adilt ki enskri yo ki te gen saranpyon deja, selon enstriksyon doktè a.

Non

Vaksen (nemoni (nemokòk))

Yon vaksen pou ede w gen mwens chans pou w pran nemoni.

De vaksen pou tout adilt ki gen 65 an oswa plis e pou tout manm ki gen ant 21 ak 64 an e ki gen yon pwoblèm sante patikilye, selon pwogram vaksinasyon Sant antipwazon an (Centeres for Disease Control and Prevention, CDC) ki anvigè a. Moun nan sipoze tann omwen ennan ant chak vaksen.

Non

Egzonerasyon ko-peman

Ou pap gen okenn ko-peman sou sèvis ou ka resevwa yo anba plan sante a.

Tout sèvis ki mache ak yon ko-peman selon règ 59G-1.056, FAC.

Non

Page 42: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

42

Seksyon 13: Satisfaksyon manm yo

Plent, doleyans ak apèl plan yoNou ta renmen pou w santi w satisfè ak nou ansanm ak swen ou resevwa yo nan men pwofesyonèl sante nou yo. Si nou menm oswa pwofesyonèl sante nou yo fè yon bagay ki pa satisfè w, fè nou konn sa tousuit. Sa gen ladan l si w pa dakò ak yon desizyon nou te pran.

Sa w kapab fè: Sa nou pral fè:Si w pa satisfè ak nou oswa ak pwofesyonèl sante nou yo, ou gen posiblite depoze yon plent.

Ou ka:• Rele nou nenpòt lè.1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856)

Nou pral:• Eseye rezoud pwoblèm ou sou 1

jou biznis.

Si w pa satisfè ak pwofesyonèl sante nou yo, ou gen posiblite depoze yon doleyans.

Ou ka:• Ekri nou oswa rele nou nenpòt lè.

• Rele nou pou mande plis tan pou rezoud doleyans ou si w panse sa te ka ede w.

Prestige Health Choice P.O. Box 7368 London, KY 40742

1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856)

Nou pral:• Egzamine doleyans ou epi voye

w yon lèt pou fè w konnen ki desizyon nou pran sou 90 jou.

Si nou bezwen plis tan pou rezoud doleyans lan, men sa n ap fè:• Voye w yon lèt k ap esplike w pou

ki rezon nou bezwen plis tan e k ap fè w konnen ki dwa ou genyen si w pa dakò.

Si w pa dakò ak yon desizyon nou te pran konsènan sèvis ou yo, ou gen posiblite mande yon apèl.

Ou ka:• Ekri nou oubyen rele nou epi ekri

nou annapre, sou 60 jou apre dat nou te pran desizyon an sou sèvis ou yo.

• Mande pou toujou resevwa sèvis ou yo sou 10 jou apre dat ou te resevwa lèt nou an, si sa nesesè. Gen kèk règ ki ka aplike.

Prestige Health Choice P.O. Box 7368 London, KY 40742

1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856)

Nou pral:• Voye w yon lèt sou 5 jou biznis

pou fè w konne nou te resevwa apèl ou a.

• Ede w ranpli fòm ki nesesè yo.• Egzamine apèl ou epi voye w yon

lèt pou reponn ou sou 30 jou.

Page 43: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

43

Sa w kapab fè: Sa nou pral fè:Si w panse tann ou bezwen tann 30 jou te ka mete sante w an danje, ou gen posiblite mande yon apèl akselere, oswa yon apèl “rapid”.

Ou ka:• Ekri nou oubyen rele nou sou 60

jou apre dat nou te pran desizyon an sou sèvis ou yo.

Prestige Health Choice P.O. Box 7368 London, KY 407421-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856)

Nou pral:• Ba w yon repons sou 48 èdtan

apre nou resevwa demann ou an.• Rele nou nan menm jou a si nou

pa dakò pou ni di ou bezwen yon apèl rapid epi voye w yon lèt sou 2 jou.

Si w pa dakò ak desizyon nou te pran konsènan apèl la, ou gen posiblite mande yon odisyon ekitab nan men Medicaid.

Ou ka:• Voye yon lèt bay biwo odisyon

ekitab yo nan Ajans pou administrasyon swen sante a (Agency for Health Care Administration Office of Fair Hearings).

• Mande nou yon kopi dosye medikal ou.

• Mande pou toujou resevwa sèvis ou yo sou 10 jou apre dat ou te resevwa lèt nou an, si sa nesesè. Gen kèk règ ki ka aplike.

**Ou sipoze fini pwosesis apèl la anvan w ka benefisye yon odisyon ekitab nan men Medicaid.

Nou pral:• Ba w transpò pou w ale nan

odisyon ekitab Medicaid la, si sa nesesè.

• Rekòmanse ba w sèvis ou yo si leta dakò avè w.

Si w te kontinye resevwa sèvis yo, lèfini desizyon final la pa dakò avè w, nou gendwa mande w peye pou sèvis sa yo.

Apèl plan rapidSi nou refize demann ou fè pou yon apèl rapid, n ap sèvi ak delè nòmal la, sètadi 30 jou, pou apèl ou a. Si w pa dakò ak desizyon nou te pran pou n pa ba w yon apèl rapid, ou ka rele nou pou depoze yon doleyans.

Odisyon ekitab nan men Medicaid (pou benefisyè Medicaid yo)Pou mande yon odisyon ekitab nenpòt lè jiska 120 jou apre w resevwa yon avi sou yon desizyon pou yon apèl plan, ou ka rele oswa ekri nan adrès sa a: Agency for Health Care Administration Medicaid Fair Hearing Unit P.O. Box 60127 Ft. Meyers, FL 33906

1-877-254-1055 (nimewo apèl gratis) 1-239-338-2642 (faks) [email protected]

Page 44: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

44

Si w mande yon odisyon ekitab pa ekri, tanpri bay enfòmasyon sa yo:

• Non w

• Nimewo manm ou

• Nimewo idantifikasyon Medicaid ou

• Yon nimewo telefòn pou nou kontakte w oswa pou nou kontakte reprezantan w

Ou ka voye enfòmasyon sa yo tou si w genyen yo:

• Rezon ki fè ou panse nou ta dwe chanje desizyon an

• Nenpòt enfòmasyon medikal pou kore demann nan

• Moun ki pou ede w jere odisyon ekitab la

Lè Ajans lan resevwa demann odisyon ekitab ou a, l ap voye w yon lèt pou fè w konnen li resevwa demann sa a. Yon moun ki responsab odisyon yo e ki travay pou eta a pral egzamine desizyon nou te pran an.

Si w se yon benefisyè Title XXI MediKids, ou pa gen posiblite mande yon odisyon ekitab.

Egzamen eta a (pou benefisyè MediKids yo)Lè w mande yon egzamen, yon moun ki responsab odisyon yo e ki travay pou eta a pral egzamine desizyon nou te pran an pandan apèl plan an. Ou ka mande eta a egzamine dosye a nenpòt lè jiska 30 jou apre w resevwa avi a. Ou sipoze fini al pwosesis apèl la dabò.

Pou mande eta a egzamine dosye w, ou ka rele oswa ekri nan adrès sa a:

Agency for Health Care AdministrationP.O. Box 60127Ft. Myers, FL 33906

1-877-254-1055 (nimewo apèl gratis)

1-239-338-2642 (faks)

[email protected]

Lè Ajans lan resevwa demann ou a, l ap voye w yon lèt pou fè w konnen li resevwa demann sa a.

Pou benefisyè Medicaid yo kontinye resevwa avantaj yoSi sèvis ou t ap resevwa yo sipoze vin mwens, si yo sipoze sispann oswa si yo sipoze anile, ou gen dwa pou toujou resevwa sèvis sa yo jiskaske w resevwa yon desizyon final nan kad apèl plan an oswa nan kad odisyon ekitab Medicaid la. Si w kontinye resevwa sèvis ou yo, pap gen chanjman nan sèvis sa yo jiskaske w resevwa yon desizyon final.

Page 45: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

45

Si w kontinye resevwa sèvis yo, lèfini desizyon nou an pa dakò avè w, nou gendwa mande w peye pou pri sèvis sa yo. Nou pap retire avantaj Medicaid ou yo nan men w. Nou pa gen dwa pou n mande yon fanmi w oswa reprezantan legal ou peye pou sèvis yo.

Pou kontinye resevwa sèvis ou yo pandan apèl la oswa pandan odisyon ekitab la, ou dwe depoze apèl la epi mande kontinye resevwa sèvis ou yo nan delè sa a:

• 10 jou apre w resevwa yon avi pou yon desizyon defavorab pou avantaj (Notice of Adverse Benefits Determination, NABD), oswa, si dat sa a tonbe pi ta,

• Nan premye jou sèvis ou yo sipoze diminye, sispann oswa fini nèt, oswa anvan dat sa a

Seksyon 14: Dwa w yo antanke manmAntanke moun k ap benefisye Medicaid e antanke manm plan nou an, ou gen yon seri dwa. Ou gen dwa pou:

• Yo trete w avèk respè ak politès.

• Yo toujou respekte diyite w ak vi prive w.

• Resevwa yon repons ki rapid e ki itil lè w poze kesyon oswa lè w fè demann.

• Konnen kiyès k ap ba w sèvis medikal ak kiyès ki responsab swen w yo.

• Konnen ki sèvis ki disponib pou manm yo, tankou si gen sèvis entèprèt ki disponib pou moun ki pa pale anglè.

• Konnen ki règ ak ki lwa ki sipoze dirije konpòtman w.

• Resevwa enfòmasyon sou dyagnostik ou, tretman ou bezwen an, diferan chwa ou genyen an rapò ak tretman an, risk ki mache ak tretman yo, ak fason tretman sa yo pral ede w.

• Refize nenpòt tretman, sof si lalwa di yon lòt bagay.

• Resevwa tout enfòmasyon ki disponib yo sou lòt fason ou ka peye pou swen sante w yo.

• Konnen si pwofesyonèl sante a oswa etablisman sante a aksepte tarif Medicare asiyen an.

• Jwenn enfòmasyon sou sa yon sèvis gendwa koute w anvan w resevwa sèvis la.

• Resevwa yon kopi tout bòdwo epi jwenn esplikasyon sou kòb yo mande sou li a.

• Jwenn yon tretman medikal oswa yon èd espesyal pou moun ki andikape, kèlkeswa ras ou, peyi kote w soti a, reliyon w, andikap ou oswa kote w jwenn kòb pou peye a.

• Resevwa yon tretman pou yon ijans sante ki t ap vin pi mal si w pa t resevwa tretman sa a.

• Konnen si tretman medikal la pral sèvi pou yon etid rechèch medikal epi aksepte oswa refize patisipe nan jan de etid rechèch sa yo.

Page 46: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

46

• Depoze yon plent lè yo pa respekte dwa w yo.

• Mande opinyon yon lòt doktè lè w pa dakò ak sa doktè w di a (dezyèm opinyon medikal).

• Resevwa yon kopi dosye medikal ou epi mande yo ajoute oswa korije enfòmasyon ki sou dosye w la, si sa nesesè.

• Yo respekte konfidansyalite dosye medikal ou epi pou yo pataje l sèlman lè lalwa mande sa oswa si w bay otorizasyon w pou sa.

• Deside ki jan ou ta renmen pou yo pran desizyon medikal ki afekte w si w pa ta ka pran yo poukont ou (dokiman enstriksyon medikal alavans).

• Depoze yon doleyans pou nenpòt bagay, depi se pa yon desizyon plan an pran konsènan sèvis ou yo.

• Fè apèl pou yon desizyon plan an pran konsènan sèvis ou yo.

• Resevwa sèvis nan men yon pwofesyonèl sante ki pa fè pati plan nou an (ki deyò rezo a) si nou pa ka jwenn yon pwofesyonèl sante ki fè pati plan nou an.

Page 47: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

47

Seksyon 15: Responsablite w yo antanke manmAntanke moun k ap benefisye Medicaid e antanke manm plan nou an, ou gen yon seri responsablite tou. Ou gen responsablite pou:

• Bay enfòmasyon ki kòrèk sou sante w bay plan w ak pwofesyonèl sante w yo.

• Fè pwofesyonèl sante w la konnen nenpòt bagay ki chanje bridsoukou nan eta sante w.

• Pale ak pwofesyonèl sante w la pou byen konprann sa ki dwe fèt ak sa l ap tann nan men w.

• Koute pwofesyonèl sante w la, suiv enstriksyon l yo epi poze l kesyon.

• Respekte randevou w yo oswa avèti pwofesyonèl sante w la si w pa ka ale nan yon randevou.

• Aksepte responsablite w pou aksyon w yo si w ta refize yon tretman oswa si w pa ta suiv enstriksyon pwofesyonèl sante w la ba w yo.

• Asire w ou peye pou tout sèvis plan an pa peye pou yo ou ta resevwa.

• Respekte règ ak reglemantasyon etablisman sante a bay sou konpòtman moun yo.

• Trete pèsonèl medikal la ak respè.

• Fè nou konnen nenpòt pwoblèm ou ta rankontre ak pèsonèl medikal la.

• Ale nan sal ijans lan sèlman si se toutbon sitiyasyon an ijan.

• Fè jesyonè dosye w konnen nenpòt chanjman ki fèt nan enfòmasyon w yo (adrès, nimewo telefòn, elatriye).

• Mete sou pye yon plan ijans epi itilize plan sa a si sa nesesè pou sekirite w.

• Rapòte nenpòt fwod, abi oswa peman ki twòp ou ta remake.

Page 48: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

48

Seksyon 16: Lòt enfòmasyon ki enpòtan

Responsablite pasyan an Ou ka gen pou peye pou responsablite pasyan an lè w rete nan yon etablisman sante, tankou yon etablisman swen asiste oswa yon mezon retrèt. Responsablite pasyan an se kòb ou sipoze peye pou patisipe nan sa swen w resevwa yo koute. DCF pral fè w konne kantite kòb responsablite pasyan an ye a. Responsablite pasyan an depann de revni w yo e li chanje si revni w yo chanje.

Plan katastwòf pou ka ijansYon katastwòf ka rive nenpòt lè. Li enpòtan pou w prepare pou pwoteje tèt ou ak fanmi w. Gen twa bagay ou ka fè pou prepare w pou yon katastwòf. 1) Chèche enfòmasyon. 2) Mete sou pye yon plan. 3) Prepare yon kit. Pou jwenn èd pou mete sou pye plan katastwòf pou ka ijans lan, rele ekip sèvis pou manm yo oswa jesyonè dosye w la. Divisyon Florid pou jesyon ijans yo (Florida Division of Emergency Management) ka ede w mete sou pye plan w lan tou. Ou ka rele l nan 1-850-413-9969 oswa ale sou sit Entènèt li nan adrès www.floridadisaster.org

Fwod/abi/peman eksesif nan pwogram MedicaidPou rapòte yon ka fwod ak/owa abi nan kad pwogram Florida Medicaid la, rele liy asistans gratis pou plent konsomatè yo nan 1-888-419-3456 oswa ranpli fòm plent pou fwod ak abi Medicaid la, ki disponib sou Entènèt nan adrès: https://apps.ahca.myflorida.com/mpi-complaintform/

Epitou, ou ka kontakte liy asistans gratis pou fwod Prestige Health Choice la nan 1-866-833-9718 rapòte nou dirèkteman nenpòt ka fwod ak abi.

Abi/neglijans/esplwatasyon mounPèsonn pa ta dwe janm trete w mal. Li pa janm akseptab pou yon moun frape w oswa pou yon moun fè w pè. Ou ka pale ak PCP w oswa ak jesyonè dosye w sou sa w santi a.

Si w santi yo maltrete w oswa yo neglije w, ou ka rele liy asistans pou abi yo nan 1-800-96-ABUSE (1-800-962-2873) oswa nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo, ki se 1- 800-955-8771.

Ou ka rele liy asistans lan tou si w konnen yon lòt moun k ap sibi move tretman.

Vyolans nan fanmi se abi tou. Men kèk konsèy pou rete an sekirite:

• Si w blese, rele PCP w la.

• Si w bezwen swen ijans, rele 911 oswa ale nan lopital ki pi pre w la. Pou jwenn plis enfòmasyon, konsilte seksyon sou swen ijans yo.

• Met sou pye yon plan pou ale yon kote ki gen sekirite (kay yon zanmi oswa yon fanmi).

• Prepare yon ti valiz epi remèt yon zanmi w li pou l kenbe l pou ou.

Si w gen kesyon oswa si w bezwen èd, tanpri rele liy asistans nasyonal pou vyolans nan fanmi an nan nimewo gratis 1-800-799-7233 (nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo se 1-800-787-3224).

Page 49: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

49

Enstriksyon medikal alavansYon enstriksyon medikal alavans se yon dokiman ki ekri oswa yon deklarasyon nan bouch pou fè konnen ki jan w ta renmen pou yo pran desizyon medikal si w pa ta ka pran yo poukont ou. Gen moun ki prepare yon dokiman enstriksyon medikal alavans lè yo malad anpil oswa lè yo prèske pa gen tan k rete pou yo viv. Gen lòt moun ki prepare enstriksyon medikal alavans sa yo pandan yo toujou an sante. Ou ka chanje lide epi pote chanjman nan dokiman sa yo nenpòt lè. Nou ka ede w konprann dokiman sa yo e nou ka ede w jwenn yo tou. Yo pa chanje dwa ou genyen pou w benefisye bonjan avantaj swen sante. Sèl objektif yo se fè lòt moun konnen sa w ta renmen si w pa ka pale poukont ou.

1. Testaman devi

2. Nominasyon yon reprezantan pou swen sante

3. Don anatomik (ògàn oswa tisi)

Ou ka telechaje yon fòm enstriksyon medikal alavans sou sit Entènèt sa a oswa ou ka rele nan 855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856): http://www.floridahealthfinder.gov/reports-guides/advance-directives.aspx.

Asire w yon lòt moun, tankou PCP w, avoka w, yon manm fanmi w oswa jesyonè dosye w, konnen ou gen yon dokiman enstriksyon medikal alavans ak ki kote li ye.

Si lalwa chanje konsènan enstriksyon medikal alavans yo, n ap fè w konn sa sou 90 jou. Ou pa oblije gen yon dokiman enstriksyon medikal alavans si w pa vle sa.

Si pwofesyonèl sante w la pa respekte enstriksyon medikal alavans ou yo, ou ka depoze yon plent bay ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856) oswa ou ka depoze yon plent bay Ajans lan nan 1-888-419-3456.

Fason pou w jwenn plis enfòmasyonOu gen dwa pou mande plis enfòmasyon. Rele ekip sèvis pou manm yo oswa mande jesyonè dosye w la ki kalite enfòmasyon ou ka resevwa gratis. Men kèk egzanp:

• Dosye manm ou

• Yon dokiman ki dekri fason nou travay

• Pou konpare rezilta HEDIS nou yo ak lòt plan swen jere Medicaid nan eta a, ale sou ahca.myflorida.com/Medicaid/quality_mc/submission.shtml.

Page 50: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

50

Seksyon 17: Lòt resousFloridahealthfinder.govAjans lan pran yon angajman nan kad misyon l lan, ki se bay “pi bon swen sante pou tout moun ki abite Florid”. Ajans lan kreye yon sit Entènèt, www.FloridaHealthFinder.gov kote w ap jwenn enfòmasyon sou ajans ki bay swen sante kay pasyan yo, etablisman swen sante, etablisman swen asiste, sant chirijikal anbilatwa ak lopital ki nan eta Florid la. W ap jwenn kalite enfòmasyon sa yo sou sit Entènèt la:

• Enfòmasyon ki ajou sou lisans yo• Rapò enspeksyon• Aksyon lajistis• Rezilta sante• Pri• Mezi pèfòmans• Bwochi pou bay konsomatè yo enfòmasyon• Testaman devi• Evalyasyon pèfòmans nan domèn kalite, tankou rezilta sondaj sou satisfaksyon manm yo

Ajans lan jwenn enfòmasyon nan men tout plan yo sou diferan mezi pèfòmans ki gen rapò ak nivo kalite manm yo benefisye nan swen plan yo bay yo. Mezi sa yo pèmèt piblik la konprann jis nan ki pwen plan yo rive satisfè bezwen manm yo. Pou wè rapò evalyasyon yo prepare pou plan an, tanpri ale sou http://www.floridahealthfinder.gov/HealthPlans/search.aspx. Ou ka wè enfòmasyon yo pou chak plan oswa ou ka wè yo pou tout plan ansanm.

Inite pou lojman granmoun yoInite pou lojman granmoun yo (Elder Housing Unit) bay adilt ki aje yo ak lidè kominotè yo enfòmasyon ak yon asistans teknik nan domèn lojman ki bon mache e pou ede yo chwazi yon etablisman swen asiste. Depatman Florid pou afè granmoun yo (Florida Department of Elder Affairs) gen yon sit Entènèt ki prezante yon seri enfòmasyon sou etablisman swen asiste, mezon retrèt, sant gadri pou granmoun ak etablisman swen enfimye nan http://elderaffairs.state.fl.us/doea/housing.php e ki gen lyen pou moun jwenn lòt resous nan men gouvènman federal la ak gouvènman eta a.

Enfòmasyon sou MediKidsPou jwenn enfòmasyon sou pwogram MediKids la, tanpri ale sou: http://ahca.myflorida.com/medicaid/Policy_and_Quality/Policy/program_policy/FLKidCare/MediKids.shtml

Sant resous pou granmoun ak moun ki andikape yoPou jwenn plis enfòmasyon ak èd sou avantaj eta a ak avantaj federal yo, sou pwogram ak sèvis lokal yo, sou sèvis legal ak prevansyon krim, sou planifikasyon revni ak opòtinite edikasyon, ou mèt kontakte Sant resous pou granmoun ak moun ki andikape yo (Aging and Disability Resource Center).

Page 51: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

51

Seksyon 18: Fòm

Page 1 of 2

LIVING WILL

Declaration made this ________ day of _________, (20____), I ____________________, willfully and voluntarily make known my desire that my dying not be artificially prolonged under the circumstances set forth below, and I do hereby declare that, if at any time I am incapacitated and:

__________ (initial) I have a terminal condition, or

__________ (initial) I have an end stage condition, or

__________ (initial) I am in a persistent vegetative state, and if my primary physician and another consulting physician have determined that there is no reasonable medical probability of my recovery from such a condition, I direct that life-prolonging procedures be withheld or withdrawn when the application of such procedures would serve only to prolong artificially the process of dying, and that I be permitted to die naturally with only the administration of medication or the performance of any medical procedure deemed necessary to provide me with comfort care or to alleviate pain.

It is my intention that this declaration be honored by my family and physician as the final expression of my legal right to refuse medical or surgical treatment and to accept the consequences for such refusal.

In the event that I have been determined to be unable to provide express and informed consent regarding the withholding, withdrawal, or continuation of life-prolonging procedures, I wish to designate, as my surrogate to carry out the provisions of this declaration:

Name: __________________________________________

Address:_________________________________________

__________________________________________

Phone: __________________________________________

I understand the full import of this declaration, and I am emotionally and mentally competent to make this declaration.

Additional Instructions (optional):

____________________________________________________________________________________

____________________________________________________________________________________

____________________________________________________________________________________

____________________________________________________________________________________

____________________________________________________________________________________

____________________________________________________________________________________

____________________________________________________________________________________

Page 52: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

52

Page 2 of 2

Witness Signatures:

______________________ Signature

______________________ Printed Name

______________________ Address

______________________ Phone

______________________ Signature

______________________ Printed Name

______________________ Address

______________________ Phone

Page 53: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

53

Page 1 of 3

DESIGNATION OF HEALTH CARE SURROGATE

I, ________________________, designate as my health care surrogate under S. 765.202, Florida Statutes:

Name:__________________________

Address:________________________

_________________________

Phone:__________________________

If my health care surrogate is not willing, able, or reasonably available to perform his or her duties, I designate as my alternate health care surrogate:

Name:__________________________

Address:________________________

_________________________

Phone:__________________________

INSTRUCTIONS FOR HEALTH CARE

I authorize my health care surrogate to: (Initials required in blank spaces below.)

_______ Receive any of my health information, whether oral or recorded in any form or medium, that:

1. Is created or received by a health care provider, health care facility, health plan, public health, employer, life insurer, school or university, or health care clearinghouse; and

2. Relates to my past, present, or future physical or mental health or condition; the provision of health care to me; or the past, present, or future payment for the provision of health care to me.

I further authorize my health care surrogate to:

_______ Make all health care decisions for me, which means he or she has the authority to:

3. Provide informed consent, refusal of consent, or withdrawal of consent to any and all of my health care, including life-prolonging procedures.

4. Apply on my behalf for private, public, government, or veteran’s benefits to defray the cost of health care.

5. Access my health information reasonably necessary for the health care surrogate to make decisions involving my health care and to apply for benefits for me.

_______6. Decide to make an anatomical gift pursuant to part V of chapter 765, Florida Statutes.

Page 54: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

54

Page 2 of 3

Specific instructions and restrictions:

______________________________________________________________________________

______________________________________________________________________________

______________________________________________________________________________

While I have decision making capacity, my wishes are controlling and my physician and health care providers must clearly communicate to me the treatment plan or any change to the treatment plan prior to its implementation.

To the extent that I am capable of understanding, my health care surrogate shall keep me reasonably informed of all decisions that he or she has made on my behalf and matters concerning me.

This health care surrogate designation is not affected by my subsequent incapacity except as provided in Chapter 765, Florida Statutes.

Pursuant to section 765.104, Florida Statutes, I understand that I may, at any time while I retain my capacity, revoke or amend this designation by:

1. Signing a written and dated instrument which expresses my intent to amend or revoke this designation;

2. Physically destroying this designation through my own action or by that of another person in my presence and under my direction;

3. Verbally expressing my intention to amend or revoke this designation; or

4. Signing a new designation that is materially different from this designation.

My health care surrogate’s authority becomes effective when my primary physician determines that I am unable to make my own health care decisions unless I initial either or both of the following boxes:

If I initial this box [_______] my health care surrogate’s authority to receive my health information takes effect immediately.

If I initial this box [______ ] my health care surrogate’s authority to make health care decisions for me takes effect immediately. Pursuant to section 765.204(3), Florida States, any instructions of health care decisions I make, either verbally or in writing, while I possess capacity shall supercede any instructions or health care decisions made by my surrogate that are in material conflict with those made by me.

Signatures: Sign and date the form here:

_________________ Date _____________________ Sign your name

_________________ Address _____________________ Print your name

_________________

_________________ City, State

Page 55: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

55

Page 3 of 3

Signatures of Witnesses:

First Witness Second Witness

_____________________ Print name _____________________ Print name

_____________________ Address _____________________ Address

_____________________ City, State _____________________ City, State

_____________________ Signature _____________________ Signature

_____________________ Date _____________________ Date

Page 56: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

56

Nou kite pati sa a vid

Page 57: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

57

Uniform Donor Form

The undersigned hereby makes this anatomical gift, if medically acceptable, to take effect on death. The words and marks below indicate my desires:

I give:

(a) _____ any needed organs or parts

(b) _____ only the following organs or parts for the purpose of transplantation, therapy, medical research, or education:

_____________________________________________________________

_____________________________________________________________

_____________________________________________________________

(c) _____ my body for anatomical study if needed. Limitations or special wishes, if any:

_____________________________________________________________

_____________________________________________________________

_____________________________________________________________

Signed by the donor and the following witnesses in the presence of each other:

Donor’s Signature ___________________________________ Donor’s Date of Birth _____________

Date Signed ______________ City and State _____________________________________________

Witness _____________________________ Witness _____________________________Street Address ________________________ Street Address ________________________ City _____________________ State ______ City _____________________ State ______

You can use this form to indicate your choice to be an organ donor. Or you can designate it on your driver’s license or state identification card (at your nearest driver’s license office).

Page 58: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

58

Nou kite pati sa a vid

Page 59: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

59

Kat enstriksyon medikal alavans pou bous ou

Health Care Advance Directives

I, ___________________________________have created the following Advance Directives:

___ Living Will

___ Health Care Surrogate Designation

___ Anatomical Donation

___ Other (specify) _____________________

----------------------- FOLD ----------------------------

Contact:Name _____________________________

Address _____________________________ _____________________________ _____________________________

Phone _____________________________

Signature ____________________ Date _____

Page 60: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

60

Avi legal

English: This information is available for free in other languages. To request auxiliary aids and services, please contact our customer service number at 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 hours a day, seven days a week. If your primary language is not English, language assistance services are available to you, free of charge.

Spanish: Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Para solicitar servicios y ayudas auxiliares, póngase en contacto con nuestro número de servicios al cliente al 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), las 24 horas del día, los siete días de la semana. Si habla español, los servicios de asistencia de idiomas están a su disposición de forma gratuita.

Haitian Creole: Enfòmasyon sa yo disponib gratis nan lòt lang. Pou mande èd ak sèvis konplemantè, tanpri kontakte ekip sèvis kliyan nou an nan 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen yo), 24 è sou 24, sèt jou sou sèt. Si w pale kreyòl ayisyen, ou ka resevwa sèvis ki gratis pou ede w nan lang pa w.

French: Ces informations sont disponibles gratuitement dans d’autres langues. Pour obtenir une aide et des services complémentaires, veuillez contacter notre équipe service clientèle au 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 pour les malentendants), 24 heures sur 24, sept jours sur sept. Si vous parlez français, des services d’aide linguistique sont gratuitement mis à votre disposition.

Page 61: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

61

Russian: Эта информация доступна бесплатно на других языках и в других форматах. Чтобы подать заявку на дополнительную помощь и услуги, звоните в Отдел обслуживания клиентов по тел. 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856) — круглосуточно и без выходных. Если вы говорите по-русски, то вам доступны бесплатные услуги перевода.

Italian: Queste informazioni sono disponibili gratuitamente in altre lingue. Per richiedere ausili e servizi potete contattare la nostra assistenza clienti al numero 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 per gli audiolesi), 24 ore al giorno, sette giorni su sette. Se parlate italiano potete usufruire di assistenza linguistica, gratuitamente.

Page 62: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Kesyon? Rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 oswa nan nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo, 1-855-358-5856

62

Avi sou entèdiksyon diskriminasyonZak diskriminasyon pa ann amoni ak lalwa.

Prestige Health Choice dakò ak lwa federal sou dwa sivil yo epi li pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks ou. Prestige Health Choice pa mete sou kote oswa trete moun lòt jan akoz ras yo, koulè yo, peyi kote yo soti, laj yo, andikap yo oswa sèks yo.

Prestige Health Choice:

Bay moun ki andikape yo asistans ak sèvis gratis pou ede yo kominike fasilman ak nou, tankou:

• Entèprèt konpetan nan lang siy.

• Enfòmasyon sou lòt fòma (gwo karaktè, odyo, fòma elektwonik aksesib, lòt fòma ankò).

Bay moun ki pa fò nan anglè sèvis gratis pou ede yo nan lang pa yo, tankou:

• Entèprèt konpetan.

• Enfòmasyon ki ekri nan lòt lang.

Si w bezwen jan de sèvis sa yo, kontakte Prestige Health Choice nan 1-855-355-9800 (nimewo TTY/TDD pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-358-5856). Nou disponib 24 sou 24, 7 sou 7.

Si w panse Prestige Health Choice neglije bay sèvis sa yo oswa si w panse Prestige fè yon diskriminasyon kèlkonk sou baz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks, ou ka depoze yon doleyans bay:

• Grievance and Appeals P.O. Box 7368 London, KY 40742 Telefòn: 1-855-371-8078 (nimewo TTY pou moun ki pa tande byen yo se 1-855-371-8079) Faks: 1-855-358-5847.

• Ou gen posiblite depoze yon doleyans pa lapòs, nan faks oswa nan telefòn. Si w bezwen èd pou depoze yon doleyans, ekip sèvis pou manm Prestige Health Choice yo disponib pou ede w.

Epitou, ou ka depoze yon plent sou dwa sivil bay Depatman sèvis sante ak sèvis sosyal Etazini an, nan Biwo pou dwa sivil yo. Ou ka fè sa pa mwayen elektwonik sou pòtay pou depoze plent bay Biwo pou dwa sivil yo nan adrès ocrportal.hhs.gov/ocr/ portal/lobby.jsf. Ou ka fè sa tou pa lapòs oswa nan telefòn nan:

U.S. Department of Health and Human Services 200 Independence Avenue S.W., Room 509F, HHH Building Washington, DC 20201 1-800-368-1019, (nimewo TDD pou moun ki pa tande byen yo se 800-537-7697)

W ap jwenn tout fòm ou bezwen pou depoze yon plent nan adrès: http://www.hhs.gov/ocr/office/file/index.html.

Page 63: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou
Page 64: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

www.prestigehealthchoice.comPRES-18368257

Tout imaj nou itilize anba lisans e se pou ilistre sa n ap di yo nou itilize yo sèlman. Nenpòt moun ki sou imaj sa yo se yon modèl li ye.

Page 65: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

ML101

1_18

07

Chèmanm:ByenveninanPrestigeHealthChoice.Noukontandèskeouseyonmanmplannouan.ManmPrestigeHealthChoiceyomeriteyonplanswensantekifasilpouyoitilizeepouyokonprann.EnfòmasyonsouPrestigeHealthChoice

• Devwepounbaykominotewlabonjanswensante.• Angajepoubaypwogramkapedemounyopibyenkonpranntoutsakigenrapòavèk

santeakbyennèt.• Metesoupyeyonseripwogramespesyalpoumanmkigenpwoblèmsantekikwonik,

tankouopresyon,dyabètakmaladikè.Noutarenmenedewakfanmiwreteansante.Nandosyew,wapjwenntilivpoumanmyo,kapbawenfòmasyonsousouavantajaksèvisPrestigeHealthChoiceyo,tankou:

• Doktèprensipalou(primarycareprovider,PCP).

• FasonoukachanjePCPwoswaplansantew.

• Sèvisplananpeyepouyo.• Avantajsiplemantè.• Pwogramsanteespesyal.

• Nimewotelefònkienpòtan.• Dwaakresponsablitemanmyo.• Pwosesispoufèapèloswapou

depozeyonplent.• Pwosesiskifèyonmounpakalifye

ankò.

Dokimansayoladanltou:

• Fòmkontakpoumanmyo.• Otorizasyonpoukominikasyonenfòmasyonsante.• Kesyonèdepistajsanteinisyal.• Fòmpoumandeyonreprezantanpèsonèl.• Avisoupratikkonfidansyaliteyo.

Sepatienpòtansaenpòtanpouwranplifòmsayoepouvoyeyotounentousuitnananvlòpkigentangentenmakadrèsnousoulia:• Fòmotorizasyonpoukominikasyonenfòmasyonsante..• Kesyonèdepistajsanteinisyal.• Fòmpoumandeyonreprezantanpèsonèl(fakiltatif).

Page 66: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Oupabezwenranplifòmkontakpoumanmyotoutotanenfòmasyonwyopachanje.Siwranplifòmsaa,voyeltounenansanmaklòtfòmyonanmenmanvlòpkigentenmsoulia.Oukakenbetoutlòtdokimanouresevwayo.Ekipsèvispoumanmyopralrelewsou90jou.Apèlsaaenpòtan.LiedenoupibyenkonprannsanteweliedenoukonnenchakmanmfanmiankienskrinanPrestigeHealthChoice.Sasitouenpòtanpoupititouyo.Sesakfènouasirenououkapabmennenyokaydoktèpouegzamenyosipozefèchakanea.Tanprireleekipsèvispoumanmyosiwbezwenèdnandomènsayo:• Konprannsèvisoswaavantajnouyo.• Jwennsèvissiwgenpwoblèmtandeoswapwoblèmwè.• ChanjePCPwoswachanjeplansantew.• Jwennyonèdnanyonlòtlangsiwbezwenpaleavèknousoukesyonjesyonitilizasyon.Releekipsèvispoumanmyonan1-855-355-9800(nimewoTTY/TDDpoumounkipatandebyenyose1-855-358-5856)siwgenkesyon.WapjwennyonlistoutpwofesyonèlaketablismansantePrestigeHealthChoiceyosousitEntènètnouannanadrèswww.prestigehealthchoice.com.Mèsi.SèvispoumanmPrestigeHealthChoice

Page 67: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

ML100

3_18

07

Chèmanm:MèsidèskeouchwaziPrestigeHealthChoicekòmplansantew.Noutarenmenpouwjwennpibonswensantekidisponib.Pouedewjwennswenoubezwenyo,noubezwenverifyesinougenbonkowòdonew.TanpriranplifòmnankinandolètsaaoswarelePrestigeHealthChoicenan1-855-355-9800(nimewoTTY/TDDpoumounkipatandebyenyose1-855-358-5856)poupaleakyounnanreprezantannouyonanekipsèvispoumanmyosiwchanjeyounnanenfòmasyonwyo:

• Non.• Adrèspostal.• Adrèslakay.• Kontekotewretea.• Nimewotelefòn(tanpribaytoutnimewokotenoukakontaktew).• Imèl(fakiltatif).

Epitou,outadwekontakteajanssayopoumeteenfòmasyonwyoajou.DepartmentofChildrenandFamilies:1-866-762-2237SocialSecurityAdministration:1-800-772-1213Siwranplifòmkontakla,voyelnanadrès:PrestigeHealthChoice P.O.Box7181London,KY40742Tanpriresevwasalitasyonm.SèvispoumanmPrestigeHealthChoice

Page 68: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

PrestigeHealthChoiceFòmkontakpoumanmyo

Prenon Nonfanmi Adrèslakay Vil Konte Eta Kòdpostal Adrèspostal Vil Eta Kòdpostal Nimewotelefòn Lòtnimewotelefòn Adrèsimèl

Page 69: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

ML100

5_18

07

Tanprililètsaa!Lienpòtan.SIJÈ:TransfèdosyemedikaloubaynouvodoktèprensipalouChèmanm:Siwvlechanjedoktèprensipalou(primarycareprovider,PCP),PrestigeHealthChoicekaedewmandeansyenPCPwdosyemedikalou.OudweotorizeansyenPCPwpoultransferedosyemedikaloubaynouvodoktèwla.Wapjwennyonfòmotorizasyonpoukominikasyonenfòmasyonsantenandosyeakèyou.FòmsaabayansyenPCPwpèmisyonpoulvoyedosyewbaynouvoPCPwla.Tanprilifòmnanepisiyenl.PotefòmnanbayansyenPCPw.LipralvoyedosyemedikaloubaynouvoPCPw.Konsa,nouvoPCPwapkapabkonsiltedosyemedikalou.Siwgenkesyon,releekipsèvispoumanmyonenpòtlè.Nimewogratislase1-855-355-9800(nimewoTTY/TDDpoumounkipatandebyenyose1-855-358-5856).MèsidèskeouchwaziPrestigeHealthChoice.Tanpriresevwasalitasyonm.SèvispoumanmPrestigeHealthChoice

Page 70: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm | 1 Prestige Health Choice

KESYONÈ INISYAL POU DEPISTAJ PWOBLÈM SANTE

KOWÒDONE

Prenon: _____________________________ Inisyal dezyèm prenon:______ Siyati: _____________________

Adrès: ___________________________________________________________________________________

Vil: _________________________________ Eta: _________ Kòd postal: _____________________________

Telefòn (pi bon nimewo pou n jwenn ou): _____________________ Dat nesans: _____________________________

LANG OU PITO A

Ki lang ou pi pito itilize pou pale sou sante w?

q Anglè.

q Bosnyen.

q Somali.

q Ris.

q Panyòl.

q Fransè.

q Arab.

q Alman.

q Vyetnamyen.

q Lòt: ______________________________________________________________________________________________________________________

Ki lang ou pi pito itilize pou li enfòmasyon sou sante w?

q Anglè.

q Bosnyen.

q Somali.

q Ris.

q Panyòl.

q Fransè.

q Arab.

q Alman.

q Vyetnamyen.

q Lòt: ______________________________________________________________________________________________________________________

GWOUP ETNIK AK RAS

Ki gwoup etnik ou?

q Ispanik. Si w se ispanik oswa latino, nan ki peyi ou soti? ___________________________________

q Pa ispanik.

q Lòt: ______________________________________________________________________________________

Ki jan w ta dekri ras ou?

q Amerendyen oswa natif Alaska.

q Moun Mwayenn Oryan oswa moun Afrid Dinò.

q Natif Awayi oswa moun zile Pasifik.

q Pa vle di.

q Nwa oswa Afwo-Ameriken.

q Azyatik.

q Blan.

q Lòt: _______________________________

Byenveni nan Prestige Health Choice. Kounye a ou se manm. Se sa k fè n ap mande w ranpli fòmilè sa a. Sa pral ede nou konprann bezwen w yo ak fason nou ka ba w bonjan sipò grasa pwogram nou ak sèvis nou yo. Si w bezwen èd pou ranpli fòmilè sa a, tanpri rele ekip repons ak kontak rapid nou an nan 1-855-371-8072 epi yon reprezantan plan sante pral ede w.

Page 71: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm | 2 Prestige Health Choice

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo ManmReponn kesyon sa yo pou ede

nou sèvi ou pi byen.

Kesyon pou Evalyason Risk pou SanteNan Prestige Health Choice (Prestige), nou konnen se pa sèlman sa ki pase kay doktè a ki

aji sou sante ou. Nou ta renmen poze w detwa kesyon sou sa ou bezwen toulèjou. Baze sou

repons ou bay, yon moun nan Prestige gen dwa kontakte ou pou diskite resous ki genyen nan

kominote ou. Enfòmasyon sa yo prive e pwoteje, menm jan ak tout enfòmasyon sou sante ou,

e tout kesyon yo opsyonèl.

Page 72: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm | 3 Prestige Health Choice

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo ManmReponn kesyon sa yo pou ede

nou sèvi ou pi byen.

1. Èske ou ka di m ki dènye klas ou te fini lekòl?

q Mwen pa t fè lekòl segondè.

q Mwen te fè kèk klas lekòl segondè.

q Mwen te fini lekòl segondè.

q Mwen te pase GED oswa ekivalan lekòl segondè.

q Mwen te fini pwogram vokasyonèl oswa komès.

q Mwen te fè kèk klas kolèj.

q Mwen te fini kolèj.

q Mwen te fè metriz oswa pi wo.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

2. Li kapab difisil pou konprann lè moun kay doktè a pale avèk ou sou sante w. Èske ou janm twouble lè pou

reponn oswa poze kesyon sou sante ou pandan randevou ou genyen?

q Wi. Tanpri tcheke tout sa ki aplike:

q Konprann enstriksyon doktè mwen an ban mwen.

q Li enstriksyon doktè mwen an ban mwen.

q Konprann kouman pou m pran medikaman.

q Konprann tèm medikal.

q Konprann rezilta laboratwa ak rezilta egzamen.

q Lòt:

q Non.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

3. Pafwa li ka difisil pou w jwenn transpò pou regle zafè ou toulèjou. Eske ou te gen pwoblèm pou w jwenn

woulib pou regle zafè sante ou nan kat semèn ki sot pase yo? Se kapab yon woulib pou al kay doktè oswa pou

al pran medikaman ou. E pou ale nan makèt oswa nan travay? (Chwazi tout sa ki aplike).

q Wi, mwen te gen pwoblèm pou ale kay doktè oswa al chèche medikaman mwen.

q Wi, mwen te gen pwoblèm ale lòt kote mwen te bezwen ale.

q Non.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

Page 73: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm | 4 Prestige Health Choice

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo ManmReponn kesyon sa yo pou ede

nou sèvi ou pi byen.

4. Sa gen dwa bay estrès lè ou gen pwoblèm pou w peye bòdwo e fè tout bagay ou bezwen. Pandan ane ki sot pase

a, èske ou te gen pwoblèm avèk nenpòt nan bagay sa yo:

a. Jwenn manje pou fanmi ou regilyèman?

q Wi. q Non.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

b. Peye pou bòdwo zafè kay (tankou chofaj oswa kouran)?

q Wi. q Non.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

c. Jwenn rad ou menm oswa fanmi ou bezwen?

q Wi. q Non.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

d. Jwenn swen pou timoun lè ou bezwen al nan yon randevou kay doktè?

q Wi. q Non.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

e. Peye bòdwo telefòn ou?

q Wi. q Non.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

f. Jwenn sa ou bezwen chak jou (tankou daypè/kouchèt, chanpou, kouvèti/lenn, ak matla)?

q Wi. q Non.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

g. Pwoblèm avèk lòt moun?

5. Li enpòtan pou lasante pou yon moun gen kote pou l rete. Èske ou ka pale m de lojman ou jodi a?

q Mwen gen lojman.

q Mwen gen lojman, men mwen pè pou m pa pèdi li.

q Mwen pa gen lojman.

q Mwen chwazi pa reponn kesyon sa a.

6. Kiyès k ap reponn sondaj sa a?

q Manm nan.

q Paran oswa gadyen.

q Lòt.

q Non paran an, gadyen an oswa lòt moun nan:

Page 74: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm | 5 Prestige Health Choice

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm

7. Èske ou ansent?

❏ Wi. ❏ Non.

8. An jeneral, èske w ta di sante w:

q Ekselan.

q Bon anpil.

q Bon.

q Mwayen.

q Pa bon.

9. Èske ou menm oswa pitit ou gen maladi?

q Opresyon.

q Dyabèt.

q Ipètansyon oswa kolesteròl.

q Kriz malkadi.

q Sante konpòtmantal.

q Anemi falsifòm.

q Twoub defisit atansyon ak ipèraktivite.

q Lòt:

10. Èske ou (oswa pitit ou) gen pwoblèm pou al kay doktè oswa kay yon espesyalis?

❏ Wi. ❏ Non. ❏ Mwen pa gen doktè pou m al wè regilyèman.

11. Ki transpò ou (oswa pitit ou) konn itilize pou al nan randevou kay doktè oswa pou jwenn sèvis medikal?

q Mwen kondui machin.

q Taksi.

q Moun k ap pran swen m oswa yon zanmi.

q Transpò piblik.

q Anbilans.

q Pa gen okenn bon mwayen transpò.

q Lòt:

12. Èske ou (oswa pitit ou) pran medikaman?

q Wi. q Non.

Page 75: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm | 6 Prestige Health Choice

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm

13. Si wi, èske ou (oswa pitit ou) bezwen èd pou jwenn medikaman sa yo?

q Wi. q Non.

14. . Èske ou (oswa pitit ou) sèvi ak pwodui ki gen tabak ladan yo?

q Non.

q Sigarèt oswa siga.

q Tabak san fimen (moulen tabak, pip, sigarèt elektwonik, sigarèt vapè).

15. Èske ou (oswa pitit ou) frekante moun ki sèvi ak pwodui ki gen tabak ladan yo?

q Wi. q Non.

16. Èske ou (oswa pitit ou) gen pwoblèm pou mache, benyen, mete rad oswa sèvi ak twalèt?

q Wi. q Non.

17. Èske ou (oswa pitit ou) sèvi ak ekipman espesyal?

q Wi. q Non.

Bay lis ekipman medikal sa yo:

18. Si wi, èske ou (oswa pitit ou) bezwen èd pou jwenn ekipman, founiti oswa bagay pou pran swen tèt ou nan

kay la?

q Wi. q Non.

19. Èske ou (oswa pitit ou) resevwa sèvis sante konpòtmantal kounye a?

q Wi. q Non.

20. Èske ou (oswa pitit ou) ta renmen resevwa èd nan domèn sèvis sante konpòtmantal?

q Wi. q Non.

21. Èske ou (oswa pitit ou) konn al kay dantis?

q Wi. q Non.

Non dantis la:

22. Èske w santi maladi w (oswa maladi pitit ou) pa sou kontwòl?

q Wi. q Non.

Page 76: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm | 7 Prestige Health Choice

Evalyasyon Risk pou Sante Nouvo Manm

Mèsi dèske ou reponn kesyonè sante nou an! Enfòmasyon sa yo pral ede nou ba w bonjan swen. Enfòmasyon ou ban nou ap ret prive.

Tanpri voye fòmilè sa a tounen nan anvlòp ki gen tenm sou li a nan adrès:

Prestige Health Choice P.O. Box 7181 London, KY 40742

Ou ka fakse fòmilè ki fin ranpli a bay 1-855-236-9281.

Si w gen kesyon konsènan fòmilè sa a, tanpri rele Sèvis manm nan 1-855-355-9800.

Page 77: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

PRES-18372106

M1012_1708

This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 or TTY/TDD 1-855-358-5856, 24 hours a day, 7 days a week.Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Comuníquese con nuestro número de servicio al cliente al 1-855-355-9800 o TTY/TDD 1-855-358-5856, las 24 horas del día, los 7 días de la semana.Enfòmasyon sa a disponib gratis nan lòt lang. Tanpri rele sèvis kliyan nou annan nimewo 1-855-355-9800 oswa 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen, 24 sou 24, 7 sou 7.

Page 78: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Paj 1 sou 4

Otorizasyon pou bay enfòmasyon santeTanpri ekri yon fason ki klè ak lank koulè ble oswa nwa.

Nou itilize fòmilè sa a pou voye enfòmasyon sante ki pwoteje w yo (PHI) bay lòt moun jan lwa federal ak lwa eta yo pou kesyon konfidansyalite mande sa. PHI se enfòmasyon sou ou ki te ka idantifye w e ki gen rapò ak sante fizik oswa mantal ou nan pase, kounye a oswa pi devan, e ki gen rapò tou ak sèvis sante ou resevwa yo. Yo gen ladan yo enfòmasyon sou evalyasyon sante, dyagnostik, tretman ak preskripsyon w yo. Otorizasyon w lan pèmèt Prestige Health Choice (konpayi asirans ou) voye PHI ou yo bay yon moun oswa yon òganizasyon ou chwazi. Ou gen posibilite revoke otorizasyon sa a nenpòt lè. Pou fè sa, ou ka voye yon demann ekri bay Prestige Health Choice. Si w revoke otorizasyon sa a, sa pap afekte aksyon nou te poze yo anvan nou te resevwa demann ekri w la.

Men sa w bezwen konnen:Nou itilize fòmilè sa a pou voye PHI ou yo bay lòt moun. Lè w siyen fòmilè sa a, ou montre ou pèmèt nou pataje oswa itilize enfòmasyon sante w yo. Enfòmasyon sa yo ka pèmèt lòt moun idantifye w. PHI ou yo gen ladan yo enfòmasyon sou sante w, tretman ou suiv yo ak medikaman ou pran yo. PHI yo ka gen rapò ak sante fizik ou oswa sante mantal ou. Lè w siyen fòmilè sa a, ou montre ou pèmèt Prestige Health Choice voye PHI ou yo bay yon moun oswa yon òganizasyon ou chwazi. Menmsi w gentan siyen fòmilè sa a, ou gen posibilite chanje lide sou kesyon pataje enfòmasyon w yo. Jis fè nou konn sa. Pou fè sa, ou ka voye yon lèt nan ofis nou. Kou nou resevwa lèt sa a, n ap sispann itilize enfòmasyon w yo. Sepandan, nou pap ka pran enfòmasyon nou te gentan pataje anvan w te revoke otorizasyon an nan men moun nou te voye yo. Tanpri kontakte Sèvis manm nan 1-855-355-9800 pou jwenn plis enfòmasyon.

Seksyon A. Enfòmasyon sou manm nanFè nou konnen ki moun n ap voye enfòmasyon sou li a.

Non (prenon, dezyèm prenon, siyati):

Nimewo idantifikasyon manm: Dat nesans (mwa/jou/ane):

Adrès (ak kòd postal):

Nimewo telefòn (ak kòd zòn ki devan l lan):

Seksyon B. Enfòmasyon sou plan sante aFè nou konnen ki òganizasyon k ap voye enfòmasyon w yo.

Mwen otorize Prestige Health Choice pou l bay PHI m yo.

Page 79: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Otorizasyon pou bay enfòmasyon sante

Paj 2 sou 4

Seksyon C. Enfòmasyon sou moun k ap resevwa enfòmasyon yoFè nou konnen ki moun oswa ki òganizasyon k ap resevwa enfòmasyon w yo (ajoute lòt paj si sa nesesè).

Non moun nan oswa òganizasyon an:

Nimewo telefòn (ak kòd zòn ki devan l lan): Nimewo faks (si li genyen):

Adrès (ak kòd postal):

Non moun nan oswa òganizasyon an:

Nimewo telefòn (ak kòd zòn ki devan l lan): Nimewo faks (si li genyen):

Adrès (ak kòd postal):

Seksyon D. Deskripsyon enfòmasyon n ap voye yoFè nou konnen ki kalite enfòmasyon nou ka pataje. Tcheke yon sèl bwat.

□ Nòt sikoterapi. Nòt sa yo se yon pwofesyonèl sante mantal ki pran yo. Lwa federal yo mande yon otorizasyon apa pou itilize oswa pou itilize nòt sikoterapi yo. (Si w tcheke bwat sa a, ou pa gen dwa tcheke yon lòt bwat pi ba. Ou ka ranpli yon lòt fòmilè pou otorize nou bay lòt kalite enfòmasyon.)

□ Tout enfòmasyon ki gen rapò ak avantaj oswa sèvis swen sante mwen resevwa yo, ansanm ak enfòmasyon sou peman pou avantaj ak sèvis sa yo. Sa pa gen ladan l enfòmasyon pou yon peryòd kote yon adrès kominikasyon konfidansyèl te anvigè.

□ Enfòmasyon espesifik mwen dekri nan bwat pi ba a:

Egzanp:• Demann pou sèvis mwen an nan [dat].• Enfòmasyon sou apèl pou demann mwen an nan [dat].

Remak: Kèk lwa gendwa mande w bay yon pèmisyon espesifik pou nou ka voye enfòmasyon ou mete pi ba yo, menmsi ou tcheke bwat ki anwo a. Tanpri tcheke bwat ki pi ba yo pou enfòmasyon nou kapab pataje yo. Lè w tcheke bwat sa yo epi w mete inisyal ou, ou bay Prestige Health Choice pèmisyon pou l voye enfòmasyon sa yo.

□ Enfòmasyon jenetik Inisyal: □ Maladi ki transmèt nan sèks Inisyal:

□ VIH/SIDA Inisyal: □ Kontrasepsyon ak planing Inisyal:

□ Abi sibstans oswa alkòl Inisyal: □ Sante mantal oswa konpòtmantal Inisyal:

Fè nou konnen pou ki sa ou pèmèt nou voye enfòmasyon sa yo:

Page 80: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Otorizasyon pou bay enfòmasyon sante

Paj 3 sou 4

Seksyon E. EkspirasyonFè nou konnen ki lè otorizasyon sa a pral fini:*

Tcheke yon sèl bwat.

Otorizasyon sa a pral fini:

□ Lè mwen revoke otorizasyon sa a.*

□ Lè Prestige Health Choice pa ban mwen asirans ankò.

□ Lè dat, evènman oswa pwoblèm sa a parèt: *

* Pati yo idantifye nan Seksyon B a sipoze resevwa yon lèt ekri ki fè l konnen evènman an oswa pwoblèm nan parèt pou otorizasyon sa a ka anile oswa revoke. Oy gen posibilite revoke pèmisyon w nenpòt lè men aksyon ki gentan poze yo anvan w revoke l pap ka anile.

Seksyon F. ApwobasyonOu menm oswa reprezantan pèsonèl ou dwe siyen fòmilè sa a epi ekri dat la sou li pou l ka konplè.

Mwen konprann se ak tout volonte m mwen bay otorizasyon pou voye enfòmasyon sa a e li pap afekte kalifikasyon m pou enskri nan Prestige Health Choice, pou resevwa avantaj oswa pou demann peman mwen yo aksepte. Mete sou sa, mwen konprann si moun oswa òganizasyon mwen otorize pou resevwa enfòmasyon ki dekri pi wo a pa anba lwa ki pwoteje enfòmasyon sante yo, moun sa a oswa òganizasyon sa a gendwa voye PHI m yo bay lòt moun epi lwa ki sipoze pwoteje enfòmasyon sante m yo gendwa pa pwoteje yo ankò.

Men sa w bezwen konnen:Se ou menm ki pou deside si w ap siyen fòmilè sa a. Si w pa siyen l, sa pap chanje anyen nan avantaj ou resevwa yo. W ap toujou manm Prestige Health Choice. Sepandan, si w pa siyen fòmilè sa a, nou pap ka pataje enfòmasyon w yo ni voye PHI w yo bay moun ou ta renmen nou voye yo. Li enpòtan pou w konnen li posib pou moun oswa òganizasyon ki resevwa PHI w yo voye yo bay lòt moun annapre. Lè mwen siyen anba a la, mwen montre mwen otorize yo bay PHI m yo jan mwen dekri sa pi wo a.

Non manm nan (ekri ak tout lèt):

Siyati manm nan:

Dat:

Enfòmasyon sou reprezantan pèsonèl la: Yon reprezantan pèsonèl se yon moun ki gen otorite legal pou aji nan non yon lòt moun. Prestige Health Choice sipoze gen yon kopi dokiman pwokirasyon oswa lòt dokiman legal, oubyen ou sipoze voye dokiman sa yo ansanm ak fòmilè sa a.

Non reprezantan pèsonèl la ak tout lèt:

Deskripsyon otorite reprezantan an:

Siyati reprezantan pèsonèl la: Dat:

Nimewo telefòn (ak kòd zòn ki devan l lan):

Voye retounen fòmilè otorizasyon ranpli a bay: Prestige Health Choice P.O. Box 7181 London, KY 40742

Ou ka fakse l tou nan 1-855-236-9281.

Page 81: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Paj 4 sou 4

PRES-18365880 www.prestigehealthchoice.com

This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 or TTY/TDD 1-855-358-5856, 24 hours a day, 7 days a week.Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Comuníquese con nuestro número de servicio al cliente al 1-855-355-9800 o TTY/TDD 1-855-358-5856, las 24 horas del día, los 7 días de la semana.Enfòmasyon sa a disponib gratis nan lòt lang. Tanpri rele sèvis kliyan nou annan nimewo 1-855-355-9800 oswa 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen, 24 sou 24, 7 sou 7.

Page 82: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Anvigè apati 1 me 2012(Revize 7 fevriye 2017)

Avi sou pratik konfidansyalite

Page 83: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Avi sa a eksplike fason nou ka itilize ak pataje enfòmasyon medikal ki konsène w, ak fason ou ka aksede ak enfòmasyon sa yo. Tanpri li l ak anpil atansyon.

Responsablite nou yo � Lalwa mande nou respekte konfidansyalite ak

sekirite enfòmasyon sante pwoteje w yo (PHI).

� Si yon vyolasyon rive epi konfidansyalite oswa sekirite enfòmasyon w yo ta an danje, n ap fè w konnen sa rapid.

� Nou pap itilize ni pataje enfòmasyon w yo yon lòt fason ki pa dekri nan avi sa a, sof si w ta fè nou konnen nou kapab fè sa pa ekri. Si w fè nou konnen nou kapab fè sa, ou ka chanje lide tou nenpòt levrekleri. Si w chanje lide sou sa, fè nou konn sa pa ekri.

� Nou dwe respekte tout pratik konfidansyalite ki sou avi ki anvigè a epi n ap remèt ou yon kopi avi sa a. Nou gen dwa chanje pratik konfidansyalite nou yo. Si nou chanje yon bagay enpòtan nan pratik konfidansyalite nou yo, w ap resevwa yon avi pou fè w konn sa sou 60 jou apre chanjman an. Nouvi avi a ap disponib tou sou sit Entènèt nou an nan adrès www.prestigehealthchoice.com.

� Nou gen dwa pou aplike chanjman sa yo sou PHI nou deja genyen yo, sou PHI nou kreye yo oswa sou PHI nou resevwa pi devan yo.

Fason nou itilize oswa pataje PHI yoLè w enskri nan Prestige Health Choice (Prestige), nou kenbe yon dosye pou ou. Nou voye yon dosye akèy ak yon kat idantifikasyon ba w, epi nou fè w konnen ki doktè prensipal (PCP) nou asiyen w pou ba w swen woutin yo. Nou kenbe enfòmasyon pwofesyonèl sante yo voye lè yo ba w sèvis antanke manm Prestige. Nou kenbe tout dosye reglemantasyon federal ak reglemantasyon eta yo mande nou kenbe. Nou kenbe dosye pou ede w resevwa swen w bezwen yo e pou pran desizyon sou sèvis nou peye pou yo ak tretman ou resevwa yo anba Prestige. Nou kenbe kopi kèk nan apèl ou pase pou kontakte Prestige ak kèk mesaj Prestige echanje avè w. Lwa federal yo pèmèt nou itilize oswa pataje enfòmasyon sa yo nan kad tretman, peman oswa jesyon biznis swen sante, tankou pou:

� Planifye swen w ak tretman w.

� Detèmine tout prekosyon nou dwen pran nan sitiyasyon w epi fè doktè prensipal ou ak lòt pwofesyonèl sante ki nan rezo nou an konnen sa nou rekòmande.

� Kominike ak lòt pwofesyonèl sante ki patisipe nan swen w yo.

� Kenbe dokiman sou swen w resevwa yo.

� Kowòdone sèvis ou resevwa yo ak lòt konpayi asirans oswa ak lòt òganizasyon ki peye pou swen w yo, tankou Medicare.

� Konprann sitiyasyon w parapò ak pwogram Florida Medicaid ak Florida Healthy Kids.

� Bay fonksyonè sante piblik yo enfòmasyon.

� Evalye ak amelyore swen nou bay yo.

� Fè pwofesyonèl sante ki nan rezo nou an konnen ou enskri nan Prestige epi di yo ki sèvis ou ka jwenn.

� Jere peman nou voye bay pwofesyonèl oswa etablisman sante yo pou swen yo bay yo.

� Veye pou pa gen fwod ak abi, epi respekte tout pwogram federal ak pwogram eta pou goumen kont fwod ak abi.

Sepandan, lwa Florid yo di konsa “dosye medikal yo pa dwe pataje epi pwoblèm medikal yon pasyan pa dwe pale ak yon moun ki pa pasyan an, reprezantan legal pasyan an oswa yon lòt pwofesyonèl sante k ap patisipe nan swen oswa nan tretman pasyan an, sof si pasyan an bay yon otorizasyon pou sa” (Fla. Stat. 456.057(7)(a)). Etandone lwa Florid yo mete plis limit, nou dwe respekte yo nan domèn bay dosye medikal yo.

Nou dwe itilize epi pataje PHI ou yo si se moun sa yo ki mande nou sa: � Ou menm oswa reprezantan legal ou.

� Sekretè Department of Health and Human Services lè li bezwen asire l vi prive w pwoteje kòmsadwa.

Nou gen dwa itilize epi pataje PHI w yo nan kad tretman, peman ak jesyon biznis swen sante. Pa egzanp, nou ka itilize epi pataje PHI w yo:

� Pou peye prim asirans yo, pou konnen sèvis n ap peye pou yo. Pa egzanp, nou gendwa fè yon doktè konnen ou gen asirans oswa ki kantite kòb n ap peye nan fakti a.

� Pou jesyon tretman oswa jesyon swen. Pa egzanp, nou gendwa pataje PHI w yo ak pwofesyonèl k ap patitipe nan ba w swen.

� Pou jeswyon aktivite swen sante nou yo. Nou ka itilize epi pataje PHI w yo pou jere aktivite biznis swen sante nou yo. Pa egzanp, nou gendwa sijere w yon pwogram jesyon maladi.

� Pou prezante w pwogram ak pwodui sante ki disponib yo. Se gendwa lòt tretman, sèvis oswa pwodui.

� Pou fè w sonje kèk bagay sou avantaj yo oswa swen yo. Pa egzanp, nou gendwa voye w yon rapèl lè w gen yon randevou.

� Pou regle plent ak apèl yo. Pa egzanp, nou gendwa itilize epi pataje PHI w yo pandan yon ankèt n ap

mennen konsènan yon plent oswa yon apèl.

Nou gendwa itilize oswa pataje PHI w yo: � Selon sa lalwa mande nou. N ap itilize epi pataje

PHI w yo lè lwa federal, lwa eta oswa lwa lokal yo mande nou sa.

� Ak moun k ap patisipe nan swen w yo. Sa gendwa rive si w pa kapab di ou dakò oswa pa dakò, tankou nan yon ka ijans oswa lè w pa di ou pa dakò lè yo mande w sa.

� Pou aktivite sipèvizyon sante. Nou gendwa pataje PHI w yo ak yon ajans lalwa otorize resevwa PHI w yo. Nou ka fè sa nan kad ankèt yo mennen nan domèn lisans, odit, fwod ak abi.

� Pou yon pwosedi lajistis oswa administratif, tankou pou reponn ak yon demann tribinal oswa yon sitasyon.

� Pou ede otorite lapolis yo. Nou gendwa pataje PHI w yo si yon ofisye lapolis mande nou sa pou reponn ak yon òdonans tribinal, yon manda, yon sitasyon, yon konvokasyon, yon demann ankèt oswa yon pwosesis menm jan.

� Lè gen yon menas sante oswa sekirite grav ki egziste. Se gendwa yon ajans sante piblik oswa yon otorite lapolis ki mande sa, tankou lè yon ijans oswa yon katastwòf frape, pou evite oswa pou fini ak menas la.

� Pou kesyon medikal, tankou pou reponn ak yon demann don ògàn ak tisi, pou travay ak yon egzaminatè medikal oswa ak yon direktè fineray.

Lwa federal ak lwa eta yo gendwa limite fason nou ka itilize ak patake PHI ki konfidansyèl anpil yo. Si gen yon seri lwa ki enpoze plis limit, n ap chèche respekte lwa sa yo.

Nou pa itilize ni pataje PHI w yo san nou pa gen pèmisyon w pa ekri, sof nan sikonstans ki mansyone nan dokiman sa a. Si w pèmèt nou pataje PHI w yo, nou pa ka pwomèt ou moun k ap resevwa yo pap voye yo bay lòt moun. Ou gen posibilite retire pèmisyon w nenpòt lè, sof si nou gentan aji selon sa ou te pèmèt nou fè a. Pou konnen fason ou ka retire pèmisyon w, tanpri rele Sèvis manm Prestige Member Services nan 1-855-355-9800.

Itilizasyon sit Entènèt lan: Lè w ale sou sit Entènèt Prestige Health Choice, gen lyen ki ba w posibilite ale sou lòt sit Entènèt. Tanpri se pou w sonje nou pa aksde, nou pa kontwole, nou pa pran desizyon ni pou pa gen otorite an rapòt avèk enfòmasyon ak tout sa ki sou sit Entènèt sa yo. Mete sou sa, nou pa responsab ni nou pa bay apwobasyon nou pou pratik konfidansyalite, enfòmasyon oswa politik ki sou sit Entènèt sa yo.

Page 84: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Dwa manm yoMen ki dwa ou genyen:

� Mande nou limite fason nou itilize ak pataje PHI w yo. Nou pa oblije aksepte jan de demann sa yo.

� Resevwa kominikasyon konfidansyèl sou PHI.

� Egzamine epi kopye PHI w yo. Se pou w konnen se pa Prestige ki kreye dosye medikal ou yo. Se doktè prensipal ou ak lòt pwofesyonèl sante ki fè pati rezo nou an e k ap ba w tretman ki jere dosye sa yo.

� Korije dosye sante ak demann ou yo si w panse yo pa kòrèk oswa yo manke kèk enfòmasyon. Nou gendwa refize demann ou, men n ap fè w konnen poukisa pa ekri sou 60 jou.

� Resevwa yon lis ki gen tout moun ki te itilize oswa ki te resevwa PHI w yo, sof nan kad tretman, peman oswa jesyon biznis swen sante. N ap ba w youn gratis

chake ane kontab, men si w mande nou yon lòt nan 12 mwa ki vin apre yo, n ap mande w peye yon kòb ki rezonab pou sa demann sa a koute nou.

� Mande nou kontakte w yon fason espesifik (pa egzanp, nan telefòn lakay ou oswa nan telefòn ofis ou) oswa voye lèt ou yo nan yon lòt adrès. N ap egzamine tout demann ki rezonab yo, epi nou gen obligasyon di “wi” depi w di nou ou te ka an danje si nou ta refize.

� Chwazi yon moun pou aji nan non w kòm gadyen legal ou oswa atravè yon dokiman pwokirasyon medikal. N ap verifye si moun sa a otorize e si li ka aji nan non w anvan nou pran kèlkeswa desizyon an.

� Resvwa yon kopi avi sa a sou papye si w mande nou sa.

Si w ta renmen egzèse dwa sa yo, voye demann ou pa ekri bay: Privacy Official, Prestige Health Choice LLC, 5100 W. Kennedy Boulevard, Suite 250, Tampa, FL 33609. Nou gendwa mande w yon kòb pou depans nou fè pou kopye dokiman yo, pou voye yo lapòs oswa pou lòt bagay nou oblije achte pou satisfè demann ou.

Ou gen posibilite depoze yon plent bay Prestige si w panse nou pa t respekte dwa vi prive w yo. Pou depoze yon plent, tanpri kontakte Sèvis manm Prestige nan nimewo gratis 1-855-355-9800 oswa nan TTY 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen. Ou ka depoze yon plent bay sekretè Department of Health and Human Services Office for Civil Rights. Pou fè sa, voye yon lèt nan adrès 200 Independence Avenue, SW, Washington, DC 20201, oswa ale sou 1-877-696-6775, rele nan www.hhs.gov/ocr/privacy/hipaa/complaints/. Ou pap sibi okenn konsekans negatif si w depoze yon plent.

Si w ta renmen resevwa plis enfòmasyon sou avi sa a, tanpri kontakte responsab konfòmite Prestige:

Compliance Officer (Privacy Official)Prestige Health Choice5100 W. Kennedy Boulevard, Suite 250, Tampa, FL 336091-800-575-0417

PRES-18366045M1153_1608 www.prestigehealthchoice.comTout imaj nou itilize anba lisans e se pou ilistre sa n ap di yo nou itilize yo sèlman. Nenpòt moun ki sou imaj sa yo se yon modèl li ye.

This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 or TTY/TDD 1-855-358-5856, 24 hours a day, 7 days a week.Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Comuníquese con nuestro número de servicio al cliente al 1-855-355-9800 o TTY/TDD 1-855-358-5856, las 24 horas del día, los 7 días de la semana.Enfòmasyon sa a disponib gratis nan lòt lang. Tanpri rele sèvis kliyan nou annan nimewo 1-855-355-9800 oswa 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen, 24 sou 24, 7 sou 7.

Page 85: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Paj 1 sou 2

Fòmilè pou mande yon reprezantan pèsonèlTanpri ekri yon fason ki klè ak lank koulè ble oswa nwa.

W ap gen pou ranpli tout fòmilè sa a nèt pou nou ka trete l. Sa gen ladan l mete tout dokiman legal nou mande yo tou.

Fòmilè sa a pèmèt yon lòt moun pran desizyon swen sante pou yon manm Prestige Health Choice. Moun sa a ta dwe gen otorite legal pou l aji nan non w. Li gendwa yon gadyen legal oswa yon moun ki gen yon dokiman pwokirasyon pou swen sante. Si w gen kesyon, ou ka rele Sèvis manm. Nimewo telefòn yo nan do kat idantifikasyon ou lan.

Enfòmasyon sou manm nan

Non (prenon, dezyèm prenon, siyati): Nimewo idantifikasyon manm:

Adrès (ak kòd postal):

Nimewo telefòn lakay (ak kòd zòn ki devan l lan): Dat nesans (mwa/jou/ane):

Nimewo telefòn lajounen (ak kòd zòn ki devan l lan): Sèks: □ Gason □ Fi

Tanpri ekri non plan sante w lan jan li parèt sou kat idantifikasyon manm ou an. Se plan sante w ki konpayi asirans ou (HMO oswa MCO).

Plan sante:

Enfòmasyon sou reprezantan pèsonèl la

Non (prenon, dezyèm prenon, siyati):

Adrès (ak kòd postal):

Non jènfi manman reprezantan pèsonèl la: (Yo pral itilize enfòmasyon sa a pou sekirite.)

Nimewo telefòn (ak kòd zòn ki devan l lan):

Ou sipoze mete yon kopi dokiman legal la ak fòmilè sa a. Si w pa voye dokiman legal la tou, nou pap ka trete fòmilè sa a.

Kalite dokiman w ap voye ak fòmilè a:

□ Dokiman pwokirasyon pou desizyon sou swen sante.

□ Dokiman gadyen legal.

□ Òdonans tribinal pou gade yon timoun.

□ Egzekitè testamantè.

□ Lòt dokiman (tanpri di ki sa l ye):

Siyati ak dat reprezantan pèsonèl legal manm nan

Non (ekri ak tout lèt):

Siyati reprezantan pèsonèl la: Dat:

Tanpri kenbe yon kopi fòmilè sa a nan dosye w yo.

Page 86: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Fòmilè pou mande yon reprezantan pèsonèl

Paj 2 sou 2

Enfòmasyon enpòtan sou reprezantan pèsonèl yo

Enfòmasyon legal: Lwa federal sou konfidansyalite yo mande Prestige Health Choice suiv yon pwosedi byen presi anvan li ka pèmèt yon moun jwenn enfòmasyon sante pwoteje w yo (PHI). PHI se enfòmasyon sou ou yon moun ki rezonab te ka itilize pou idantifye w e ki gen rapò ak sante fizik oswa mantal ou nan pase, kounye a oswa pi devan, e ki gen rapò tou ak swen sante ou resevwa yo oswa ak peman ki fèt pou swen sa yo. Prestige Health Choice pral voye PHI w yo bay reprezantan pèsonèl ou lè li resevwa dokiman ki demontre li gen otorite legal pou pran desizyon nan domèn sante nan non w (pa egzanp yon dokiman pwokirasyon legal, yon dokiman ki montre li se gadyen w oswa yon lòt kalite dokiman legal). Mete sou sa, Prestige Health Choice rekonèt kòm reprezantan pèsonèl ou yon egzekitè, yon administratè oswa yon moun lalwa otorize aji nan non yon moun ki mouri e ki eritye manm nan.

Sa w bezwen konnenTout enfòmasyon ki gen rapò ak sante w se enfòmasyon ki pèsonèl anpil. Nou pran angajman pwoteje vi prive w. Tanpri li fòmilè sa a ak anpil atansyon. W ap gen pou ranpli tout fòmilè sa a nèt pou nou ka trete l. Sa gen ladan l mete tout dokiman legal nou mande yo tou. Lè w siyen fòmilè sa a, ou montre ou pèmèt nou pataje enfòmasyon sante w yo ak reprezantan pèsonèl ou.

Enfòmasyon legal: Prestige Health Choice pap konsidere yon moun kòm reprezantan pèsonèl ou si nou gen kèk rezon ki fè nou panse: (1) reprezantan pèsonèl ou fè w sibi vyolans, li abize w oswa li neglije w; (2) ou te ka an danje si nou ta trete moun sa a kòm reprezantan pèsonèl ou; oswa (3) daprè yon opinyon pwofesyonèl (pa egzanp opinyon yon pwofesyonèl ki gen lisans), Prestige Health Choice deside li pap nan enterè w pou nou trete moun nan kòm reprezantan pèsonèl ou.

Sa w bezwen konnenNou bay byennèt ou anpil enpòtans. Si nou panse reprezantan pèsonèl ou gendwa mal sèvi ak enfòmasyon sante w yo, nou pap ba li yo.

Enfòmasyon legal: Yon moun ki nome kòm reprezantan pèsonèl ap kontinye jwe wòl sa a jiskaske manm nan, yon òdonans tribinal oswa yon lwa revoke l.

Sa w bezwen konnenSi w otorize yon reprezantan pèsonèl, dokiman sa a ap toujou valid jiskaske li anile. Ou ka anile l si w vle fè sa. Jis fè nou konn sa. Yon òdonans tribinal ak lòt lwa gendwa anile l tou.

Enfòmasyon legal: Pou ede Prestige Health Choice reponn ak demann sa a, tanpri ranpli fòmilè sa a. Ou ka fè sa sou òdinatè w oswa ou ka ekri ak men w nan espas nou mete pou sa. Ou ka ajoute lòt paj si sa nesesè pou kore demann ou an. Mete yon kopi dokiman ki montre reprezantan pèsonèl ou gen otorite legal pou l aji nan non w.

Sa w bezwen konnenW ap gen pou ranpli tout fòmilè sa a nèt pou nou ka trete l. Sa gen ladan l mete tout dokiman legal nou mande yo tou. Ou gendwa ajoute lòt fèy papye si w bezwe plis plas pou ekri.

Voye fòmilè ou ranpli a ak tout dokiman ki mache avè l yo lapòs oswa nan faks bay: Prestige Health Choice P.O. Box 7181 London, KY 40742 Nimewo faks: 1-855-236-9281

Èske w gen kesyon? Rele Sèvis manm. Nimewo a nan do kat idantifikasyon w lan.

Tanpri kenbe yon kopi fòmilè sa a nan dosye w yo.

www.prestigehealthchoice.comPRES-18365856

This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 or TTY/TDD 1-855-358-5856, 24 hours a day, 7 days a week.Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Comuníquese con nuestro número de servicio al cliente al 1-855-355-9800 o TTY/TDD 1-855-358-5856, las 24 horas del día, los 7 días de la semana.Enfòmasyon sa a disponib gratis nan lòt lang. Tanpri rele sèvis kliyan nou annan nimewo 1-855-355-9800 oswa 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen, 24 sou 24, 7 sou 7.

Page 87: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

ML114

6_18

07

Sijè:AvisouperyòdpouwkontinyeresevwaswenChèmanm:ByenveninanPrestigeHealthChoice.Nouvleedewjwennpibonswenaksèviskiposib.LiposibpouwalkayyondoktèkipafèpatirezoPrestigeHealthChoicela.Noupraltravayavèwpouwkakontinyeresevwaswenwapresevwayokounyeajiskaskewkarankontredoktèprensipalou(primarycareprovider,PCP)kifèpatirezoPrestigela.Nourelesa“peryòdpouwkontinyeresevwaswen”.Lidirepandan60jouapredatouenskrinanplannouan.“Peryòdpouwkontinyeresevwaswen”wlanpralfini60jouapredatouenskrinanplannouan.Wapjwenndatouenskriasoukatidantifikasyonwlan.LienpòtanpouwpranyonrandevouakPCPwkifèpatirezoPrestigeHealthChoicelaepouwpaleavèlsouswenoutekonnresevwayoanvanwteenskrinanPrestige.OukapaleakPCPwkifèpatirezoPrestigelasouswenwapbezwenyopidevan.WapjwennenfòmasyonsouPCPwsoukatidantifikasyonwlan.TanpripranyonrandevoukayPCPnouasiyenwlannan30joukapviniyopoupaleavèlsouswenwyo.Tanprireleekipreponsrapidnouannan1-855-371-8072(nimewoTTY/TDDpoumounkipatandebyenyose711)siwbezwenèdpoupranrandevoukayPCPw.Tanpriresevwasalitasyonm.SèvispoumanmPrestigeHealthChoice

Page 88: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

ML120

1_18

07

Napedewjwennyonpwofesyonèlsantetouprew.SIJÈ:LispwofesyonèlaketablismansanteChèmanm:NoukontandèskeouchwaziPrestigeHealthChoicekòmplansantew.Noupranangajmanpounfètoutsanoukapabpouwjwennswenoubezwenyo.Antankemanm,oukaresevwasèvisnanmendoktè,lopital,famasiaklòtpwofesyonèlaketablismansantekifèpatirezonouan.MenkèkfasonoukajwennyonpwofesyonèloswayonetablismansantePrestigeHealthChoicetouprew:LispwofesyonèlaketablismansantesouEntènètkotemounkafèrechèch–SiwtarenmenjwennenfòmasyonsoupwofesyonèlaketablismansantePrestigeyosouEntènèt,alesouhttp://prestigehealthchoice.prismisp.com/?brandcode=phcpoukòmanserechèchla.Lispwofesyonèlaketablismansantesoufòmapapye–Siwtarenmenresevwayonkopilispwofesyonèlaketablismansantekiajousoufòmapapye,oukareleekipsèvispoumanmyonan1-855-355-9800(nimewoTTY/TDDpoumounkipatandebyenyose1-855-358-5856)enapvoyewyoun.Aplikasyonmobilpoutelefòn–Oukachècheyonpwofesyonèloswayonetablismansantenenpòtlèsouaparèymobilou.Anniktelechajeaplikasyonmobilgratisnouan.AplikasyonmobilladisponibsoutelefòniPhoneakAndroid.Poujwennaplikasyonmobilla,chèche“PHCMobile”nanGoogle™PlayStoreoswananAppleApp®Store.Noulapounedew.SiwgenkesyonoswasiwbezwenèdpoujwennyonpwofesyonèloswayonetablismansantePrestigeHealthChoice,releekipsèvispoumanmyonenpòtlè.Nimewogratislase1-855-355-9800.MèsidèskeouchwaziPrestigeHealthChoice.Tanpriresevwasalitasyonm.PrestigeHealthChoice

Page 89: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Ki jan ak ki kote ou ka jwenn swen

www.prestigehealthchoice.com

� Doulè nan pwatrin. � Toufe. � Anpwazònman. � Gwo blesi oswa anpil senyen. � Pa kapab respire byen. � Gwo kontraksyon mis

oswa konvilsyon. � Pa kapab pale. � Zo kase.

Rele 911 pou jan de pwoblèm sa yo:

Jwenn swen tousuit Rele dabò Jwenn swen rapid (sou 24 èdtan) Jwenn swen apre yon ti tan

Tanpri rele doktè w oswa liy enfimyè 24/7 pou jan de pwoblèm sa yo:

� Maldan. � Kout solèy. � Iritasyon po. � Maladi ki transmèt nan

sèks (STD). � Doulè nan zòrèy. � Antòs. � Yon bèt oswa yon ensèk

mòde w. � Lafyèv � Ti koupe.

Wi

Mwen pa konnen Tanpri rele doktè w oswa liy enfimyè 24/7 nan 1-855-398-5615.

Anvan w al nan sal ijans lan:

Non

Èske w bezwen swen ijan?

Tanpri rele doktè w oswa liy enfimyè 24/7 pou jan de pwoblèm sa yo:

� Touse. � Vomisman. � Dyare � Malgòj. � Grip. � Maloje. � Vantfèmal.

� Iritasyon po. � Ti blese.

NonWi

Èske sitiyasyon w lan ijan?

� Gwo boule. � Ovèdòz. � Pèt sansasyon bridsoukou

oswa pa kapab bouje. � Gwo toudisman,

endispozisyon, oswa pèdi konesans.

� Maldan – Rele dantis ou oswa Sèvis manm si w pa gen dantis.

Page 90: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

www.prestigehealthchoice.comM1010_1604

PRES-18365831

This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 or TTY/TDD 1-855-358-5856, 24 hours a day, 7 days a week.Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Comuníquese con nuestro número de servicio al cliente al 1-855-355-9800 o TTY/TDD 1-855-358-5856, las 24 horas del día, los 7 días de la semana.Enfòmasyon sa a disponib gratis nan lòt lang. Tanpri rele sèvis kliyan nou annan nimewo 1-855-355-9800 oswa 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen, 24 sou 24, 7 sou 7.

Page 91: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Aplikasyon mobil Prestige Health Choice (Prestige) la ede w rete ajou ak swen sante w yo.

Èske sa janm rive w:• Ou rive nan biwo doktè a san kat idantifikasyon w lan?

• Ou bezwen chwazi yon nouvo doktè oswa yon espesyalis?

• Ou vin pèdi nan wout pou al nan yon randevou?

• Ou gen kesyon sou avantaj ou yo?

• Ou vle rele Prestige men ou pa kapab jwenn nimewo telefòn nou an?

Aplikasyon mobil Prestige la ka ede w!Aplikasyon mobil la disponib sou non PHC Mobile pou smatfòn iPhone ak Android. Pou jwenn aplikasyon mobil la, ale sou Google™ Play oswa sou Apple App® Store.

Aplikasyon mobil Prestige la disponib gratis!*

Ou pa gen smatfòn? Jere swen w yo epi resevwa enfòmasyon sou sante w apati pòtay manm yo. Ale sou www.prestigehealthchoice.com pou rive nan pòtay manm yo.

Tanpri rele Sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen) pou jwenn plis enfòmasyon.

Aplikasyon sa a disponib nan lang espayòl ak kreyòl ayisyen tou. Esta aplicación es también disponible en español.

*Ou gendwa oblije peye yon kòb pou mesaj oswa pou done Entènèt ou itilize yo si konpayi telefòn nan mande sa nan plan w lan.

Aplikasyon mobil Prestige Health ChoiceTelechaje aplikasyon mobil nou an jodi a!

PRES-18365994

www.prestigehealthchoice.com

This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 or TTY/TDD 1-855-358-5856, 24 hours a day, 7 days a week.Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Comuníquese con nuestro número de servicio al cliente al 1-855-355-9800 o TTY/TDD 1-855-358-5856, las 24 horas del día, los 7 días de la semana.Enfòmasyon sa a disponib gratis nan lòt lang. Tanpri rele sèvis kliyan nou annan nimewo 1-855-355-9800 oswa 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen, 24 sou 24, 7 sou 7.

Eskane kòd Apple la oswa kòd Android la pou telechaje aplikasyon an.

AndroidApple

Page 92: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Zak diskriminasyon pa ann amoni ak lalwa

Prestige Health Choice dakò ak lwa federal sou dwa sivil yo epi li pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks ou. Prestige pa mete sou kote oswa trete moun lòt jan akoz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks ou.

Prestige:

• Bay moun ki gen andikap asistans ak sèvis gratis pou kominike fasilman ak nou, tankou:

- Entèprèt konpetan nan lang siy.

- Enfòmasyon sou lòt fòma (gwo karaktè, odyo, fòma elektwonik aksesib, lòt fòma ankò).

• Bay moun ki pa fò nan anglè sèvis lang gratis, tankou:

- Entèprèt konpetan.

- Enfòmasyon ki ekri nan lòt lang.

Si w ta bezwen youn nan asistans sa yo, kontakte Prestige nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856). Nou disponib 7 jou sou 7 epi 24 sou 24.

Si w ta konstate Prestige neglije bay sèvis sa yo oswa fè diskriminasyon kèlkonk sou baz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks, ou ka depoze yon doleyans nan:

• Grievance and Appeals, PO Box 7368, London, KY 40742. 1-855-371-8078 (TTY 1-855-371-8079), Faks: 1-855-358-5847.

• Ou ka depoze yon doleyans pa mwayen imèl, faks, oswa telefòn. Si w gen difikilte pou w depoze yon doleyans, ekip Sèvis pou manm Prestige yo ap kontan ede w.

Ou ka pote yon plent sou dwa sivil bay Depatman Sante ak Sèvis Dwa Moun Etazini an ak Biwo Dwa Sivil la pa mwayen elektwonik, ou ka fè sa sou Paj pou Plent Biwo pou Dwa Sivil la nan https://ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf, oswa pa mwayen kourye oswa telefòn nan:

U.S. Department of Health and Human Services 200 Independence Avenue, SW Room 509F, HHH Building Washington, D.C. 20201 1-800-368-1019 (TDD 1-800-537-7697)

Fòmilè pou plent yo disponib nan: http://www.hhs.gov/ocr/office/file/index.html.

Page 93: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

www.prestigehealthchoice.com

Gen sèvis entèprèt nan plizyè lang

English: This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 hours a day, seven days a week. If your primary language is not English, or to request auxiliary aids, assistance services are available to you, free of charge.

Spanish: Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Póngase en contacto con nuestro número de servicios al cliente al 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), las 24 horas del día, los siete días de la semana. Si su idioma principal no es el inglés, o necesita solicitar ayudas auxiliares, hay servicios de asistencia a su disposición de forma gratuita.

Haitian Creole: Enfòmasyon sa yo disponib gratis nan lòt lang. Tanpri kontakte ekip sèvis kliyan nou an nan 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen yo), 24 è sou 24, sèt jou sou sèt. Si anglè pa lang manman w oswa si w ta renmen mande yon èd konplemantè, ou ka resevwa sèvis ki gratis pou ede w.

French: Ces informations sont disponibles gratuitement dans d’autres langues. Veuillez contacter notre équipe service clientèle au 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 pour les malentendants), 24 heures sur 24, sept jours sur sept. Si l’anglais n’est pas votre langue maternelle ou si vous souhaitez demander une aide auxiliaire, des services d’aide sont gratuitement mis à votre disposition.

Page 94: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

www.prestigehealthchoice.com

Russian: Эта информация доступна бесплатно на других языках и в других форматах. Звоните в Отдел обслуживания клиентов по тел. 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856) — круглосуточно и без выходных. Если ваш родной язык не английский или вы хотели бы запросить дополнительную помощь, вы можете воспользоваться бесплатными услугами перевода.

Italian: Queste informazioni sono disponibili gratuitamente in altre lingue. Chiamate il nostro sevizio clienti al numero 1-855-355-9800 (non udenti 1-855-358-5856) 24 ore al giorno, sette giorni su sette. Se la vostra prima lingua non è l’inglese, o per richiedere attrezzature di supporto sensoriale, sono disponibili servizi d’assistenza, gratuitamente.Vietnamese: Thông tin này có sẵn miễn phí ở các ngôn ngữ khác. Vui lòng liên lạc bộ phận dịch vụ khách hàng của chúng tôi theo số 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 giờ một ngày, bảy ngày trong tuần. Nếu ngôn ngữ chính của quý vị không phải là tiếng Anh, hoặc để yêu cầu các thiết bị trợ giúp bổ sung, thì quý vị có thể sử dụng miễn phí các dịch vụ hỗ trợ.

Portuguese: Estas informações estão disponíveis gratuitamente em outros idiomas. Por favor, entre em contato com o nosso serviço de atendimento ao cliente pelo número 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 horas por dia, sete dias por semana. Se o seu idioma principal não for o inglês, ou se você precisar solicitar recursos auxiliares para deficientes, os serviços de assistência estão disponíveis gratuitamente para você.

Chinese Mandarin: 这些信息还免费以其他语 言提供。请随时联系我们的客户服务电话 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 该电话每周 7 天、每天 24 小时全天候提供服务。 如果您的母语不是英语,或者需要请求辅助设备,您可以免费获得援助服务。

Chinese Cantonese: 這份資訊還免費以其他語 言提供。請隨時聯絡我們的客戶服務電話 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 該電話每周 7 天、每天 24 小時全天候提供服務。 如果您的母語不是英語,或者需要請求輔助設備,您可以免費獲得援助服務。

Tagalog: Makukuha nang libre ang impormasyong ito sa mga iba pang wika. Mangyaring makipag-ugnay sa numero ng customer service sa 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 na oras sa isang araw, pitong araw sa isang linggo. Kung hindi Ingles ang inyong pangunahing wika, o upang humiling ng mga kagamitang pantulong, may matatanggap kayong libreng serbisyo sa pagsasalin sa wika.

Arabic:يمكنك الحصول على هذه المعلومات بلغات أخرى مجانًا. لطلب

مساعدات وخدمات إضافية يُرجى االتصال بخدمة العمالء على الرقم 9800-355-855-1 )الهاتف النصي/للصم 1-855-358-5856(، على مدار 24 ساعة في اليوم، سبعة أيام في األسبوع. تتوفر لك خدمات

لغوية مجانية إذا كانت لغتك األساسية ليست اإلنجليزية أو إذا طلبت مساعدات إضافية.

Page 95: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

PRES_18147804

www.prestigehealthchoice.com

German: Diese Information wird kostenlos in anderen Sprachen angeboten. Bitte setzen Sie sich unter der Rufnummer 1-855-355-9800 (für TeleTypewriter/Telekommunikationsgeräte [TTY/TTD] 1-855-358-5856) mit unserem Kundendienst in Verbindung, der Ihnen an sieben Tagen der Woche 24 Stunden lang zur Verfügung steht. Falls Englisch nicht Ihre Muttersprache ist, können Sie eine kostenlose Sprachhilfe nutzen.

Korean: 본 정보는 다른 언어로도 무료로 제공됩니다. 주 7일 하루 24시간 운영되는 고객 서비스 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856)번으로 연락하시기 바랍니다. 영어가 모국어가 아니거나 장애인 보조 장치 및 서비스가 필요하신 경우 , 무료로 지원 서비스가 제공됩니다.

Polish: Poniższa informacja jest dostępna bezpłatnie w innych językach i formatach. Prosimy o kontakt z Działem obsługi klienta pod numerem telefonu 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 godziny na dobę, siedem dni w tygodniu. Jeśli angielski nie jest Twoim pierwszym językiem lub w celu uzyskania dodatkowej pomocy, możesz korzystać z bezpłatnej obsługi w tym zakresie.

Gujarati: આ માહિતી મફતમા ંઅન્ય ભાષાઓમા ંઉપલબ્ધ છે. કૃપા કરીને અમારી ગ્ાિક સેવાના નબંર 1-855-355-9800 (ટીટીઆઇ/ટીડીડી 1-855-358-5856), હિવસમા ં24 કલાક, અઠવાહિ્યાના સાત હિવસો નો સપંક્ક કરો. જો તમારી પ્ાથમમક ભાષા અંગે્જી નથી, અથવા ઉપ્યોગીસા્ધનોની મવનતંી કરવા માટે, તમારા માટે સિા્યક સેવાઓ મનઃશલુક ઉપલબ્ધ છે.

Thai: ขอ้มูลน้ีสามารถใชไ้ดฟ้รีในภาษาอ่ืน ๆ โปรดติดต่อหมายเลข

บริการลูกคา้ของเราท่ีหมายเลข 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856) ไดต้ลอด 24 ชวัโมงทุกวนั สปัดาห์ละ่ 7 วนั

หากภาษาหลกัของคุณไม่ใช่ภาษาองักฤษหรือตอ้งการติดต่อขอรับ

บริการเสริมคุณสามารถเขา้รับความช่วยเหลือไดโ้ดยไม่เสียค่าใชจ่้าย

Japanese: この情報は他の言語でも無料でご利用いただけます。年中無休で対応しておりますので、 弊社カスタマーサービスのフリーダイヤル 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856) までお問い合わせください。母国語が英語でない場合は、無料のサービスをご利用いただけます。

Page 96: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Viris Zika a : konsekans li sou gwosès

Viris Zika a se yon maladi ou ka pran lè yon marengwen ki gen viris sa a nan li mòde w oswa lè w gen rapò seksyèl ak yon moun ki enfekte san w pa sèvi ak pwoteksyon. Viris Zika a gendwa fè w santi tankou se gripe ou gripe. Sentòm plis moun sibi se lafyèv, iritasyon sou po, doulè nan atikilasyon, maloje ak tètfèmal. Lè yon moun pran viris Zika a, sa gendwa pran jiska 2 semèn pou li kòmanse remake li gen sentòm. Yon analiz san se sèl fason ki ka konfime si yon moun gen viris la. Se pa tout marengwen ki gen viris Zika a. Yon fi ki ansent e ki gen viris Zika a gendwa bay tibebe l la viris la.

Yo rapòte kèk tibebe fèt ak malfòmasyon ki grav lè manman yo te gen viris Zika a pandan yo te ansent:

• Mikwosefali (tèt la piti yon fason ki pa nòmal poutèt sèvo a pa devlope nan pwen li sipoze devlope a).

• Lòt defo ki grav nan sèvo.

• Defo nan je.

• Pwoblèm tande.

• Twoub kwasans.

Si w ta renmen ansent, lèfini ou resevwa yon dyagnostik viris Zika oswa ou gen sentòm viris Zika yo, Sant antipwazon (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) yo rekòmande bagay sa yo:

• Ou ka rele pwofesyonèl sante w la.

• Fi yo ta dwe tann omwen 8 semèn apre yo kòmanse santi sentòm pou yo eseye vin ansent.

• Gason yo ta dwe tann omwen 6 mwa apre yo kòmanse santi sentòm pou yo gen rapò seksyèl san pwoteksyon. Viris Zika a viv plis tan nan espèm nan pase nan san an.

• Ni gason ni fi ki vin ekspoze ak viris Zika a san yo pa enfekte ak viris sa a ta dwe tann omwen 8 semèn anvan yon gen rapò seksyèl san pwoteksyon.

• Fi yo ta dwe sèvi ak yon metòd kontrasepsyon pou evite konplikasyon Zika lakòz pandan gwosès yo.

Si w ansent, lèfini ou gen sentòm oswa ou vin ekspoze ak viris Zika a, rele pwofesyonèl sante w la san pèdi tan.

Page 97: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Viris Zika a : konsekans li sou gwosès

Gen plis ka viris Zika ki kontinye parèt Ozetazini. Se pou rezon sa a tout moun ta dwe konnen danje potansyèl yo. Si w gentan ansent deja:

• Evite vwayaje nan yon zòn kote moun ap transmèt viris Zika a kounye a la, oswa kite vwayaj sa a pou pi ta.

• Pwoteje tèt ou pou marengwen pa mòde w. Sèvi ak pwodui anti-marengwen oswa mete chemiz ki gen manch long ak pantalon ki long.

• Si moun ou kouche avè l la vin ekspoze ak viris la, sèvi ak kapòt oswa evite gen rapò seksyèl pandan w ansent pou pa pran viris la.

Prestige Health Choice peye pou plizyè pwodui anti-marengwen yo vann san preskripsyon (over-the-counter, OTC). Gade tablo ki pi ba a pou wè ki pwodui ki fè pati lis avantaj OTC nou an.

Non pwodui a Ons Kòd UPCOFF! Family Care 2.5 oz. 46500710377OFF! Deep Woods 4 oz. 46500717642OFF! Deep Woods 6 oz. 46500018248OFF! Active 6 oz. 46500018107Cutter Skinsations 6 oz. 16500540106Cutter Backwoods 6 oz. 71121962805Repel Insect Sportsmen 6.5 oz. 11423941375Repel Sportsmen Max Formula 6.5 oz. 11423003387

Nou peye yon maksimòm $25 pa manm, pa mwa, pou medikaman san preskrisyon.

Pale ak pwofesyonèl sante w la si w gen kesyon sou sante w. Si w ansent, ou ka rele BrightStart® tou, ki se pwogram Prestige Health Choice pou fi ki ansent yo, nan 1-855-371-8076, lendi pou vandredi, soti 8 è nan maten rive 5 è nan apremidi. Ale sou www.cdc.gov/zika pou jwenn dènye enfòmasyon sou viris Zika a.

Tout imaj nou itilize anba lisans e se pou ilistre sa n ap di yo nou itilize yo sèlman. Nenpòt moun ki sou imaj sa yo se yon modèl li ye.

EWM-16213

www.prestigehealthchoice.com

This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 or TTY/TDD 1-855-358-5856, 24 hours a day, 7 days a week.Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Comuníquese con nuestro número de servicio al cliente al 1-855-355-9800 o TTY/TDD 1-855-358-5856, las 24 horas del día, los 7 días de la semana.Enfòmasyon sa a disponib gratis nan lòt lang. Tanpri rele sèvis kliyan nou annan nimewo 1-855-355-9800 oswa 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen, 24 sou 24, 7 sou 7.

Page 98: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

Zak diskriminasyon pa ann amoni ak lalwa

Prestige Health Choice dakò ak lwa federal sou dwa sivil yo epi li pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks ou. Prestige pa mete sou kote oswa trete moun lòt jan akoz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks ou.

Prestige:

• Bay moun ki gen andikap asistans ak sèvis gratis pou kominike fasilman ak nou, tankou:

- Entèprèt konpetan nan lang siy.

- Enfòmasyon sou lòt fòma (gwo karaktè, odyo, fòma elektwonik aksesib, lòt fòma ankò).

• Bay moun ki pa fò nan anglè sèvis lang gratis, tankou:

- Entèprèt konpetan.

- Enfòmasyon ki ekri nan lòt lang.

Si w ta bezwen youn nan asistans sa yo, kontakte Prestige nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856). Nou disponib 7 jou sou 7 epi 24 sou 24.

Si w ta konstate Prestige neglije bay sèvis sa yo oswa fè diskriminasyon kèlkonk sou baz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks, ou ka depoze yon doleyans nan:

• Grievance and Appeals, PO Box 7368, London, KY 40742. 1-855-371-8078 (TTY 1-855-371-8079), Faks: 1-855-358-5847.

• Ou ka depoze yon doleyans pa mwayen imèl, faks, oswa telefòn. Si w gen difikilte pou w depoze yon doleyans, ekip Sèvis pou manm Prestige yo ap kontan ede w.

Ou ka pote yon plent sou dwa sivil bay Depatman Sante ak Sèvis Dwa Moun Etazini an ak Biwo Dwa Sivil la pa mwayen elektwonik, ou ka fè sa sou Paj pou Plent Biwo pou Dwa Sivil la nan https://ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf, oswa pa mwayen kourye oswa telefòn nan:

U.S. Department of Health and Human Services 200 Independence Avenue, SW Room 509F, HHH Building Washington, D.C. 20201 1-800-368-1019 (TDD 1-800-537-7697)

Fòmilè pou plent yo disponib nan: http://www.hhs.gov/ocr/office/file/index.html.

Page 99: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

www.prestigehealthchoice.com

Gen sèvis entèprèt nan plizyè lang

English: This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 hours a day, seven days a week. If your primary language is not English, or to request auxiliary aids, assistance services are available to you, free of charge.

Spanish: Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Póngase en contacto con nuestro número de servicios al cliente al 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), las 24 horas del día, los siete días de la semana. Si su idioma principal no es el inglés, o necesita solicitar ayudas auxiliares, hay servicios de asistencia a su disposición de forma gratuita.

Haitian Creole: Enfòmasyon sa yo disponib gratis nan lòt lang. Tanpri kontakte ekip sèvis kliyan nou an nan 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen yo), 24 è sou 24, sèt jou sou sèt. Si anglè pa lang manman w oswa si w ta renmen mande yon èd konplemantè, ou ka resevwa sèvis ki gratis pou ede w.

French: Ces informations sont disponibles gratuitement dans d’autres langues. Veuillez contacter notre équipe service clientèle au 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 pour les malentendants), 24 heures sur 24, sept jours sur sept. Si l’anglais n’est pas votre langue maternelle ou si vous souhaitez demander une aide auxiliaire, des services d’aide sont gratuitement mis à votre disposition.

Page 100: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

www.prestigehealthchoice.com

Russian: Эта информация доступна бесплатно на других языках и в других форматах. Звоните в Отдел обслуживания клиентов по тел. 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856) — круглосуточно и без выходных. Если ваш родной язык не английский или вы хотели бы запросить дополнительную помощь, вы можете воспользоваться бесплатными услугами перевода.

Italian: Queste informazioni sono disponibili gratuitamente in altre lingue. Chiamate il nostro sevizio clienti al numero 1-855-355-9800 (non udenti 1-855-358-5856) 24 ore al giorno, sette giorni su sette. Se la vostra prima lingua non è l’inglese, o per richiedere attrezzature di supporto sensoriale, sono disponibili servizi d’assistenza, gratuitamente.Vietnamese: Thông tin này có sẵn miễn phí ở các ngôn ngữ khác. Vui lòng liên lạc bộ phận dịch vụ khách hàng của chúng tôi theo số 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 giờ một ngày, bảy ngày trong tuần. Nếu ngôn ngữ chính của quý vị không phải là tiếng Anh, hoặc để yêu cầu các thiết bị trợ giúp bổ sung, thì quý vị có thể sử dụng miễn phí các dịch vụ hỗ trợ.

Portuguese: Estas informações estão disponíveis gratuitamente em outros idiomas. Por favor, entre em contato com o nosso serviço de atendimento ao cliente pelo número 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 horas por dia, sete dias por semana. Se o seu idioma principal não for o inglês, ou se você precisar solicitar recursos auxiliares para deficientes, os serviços de assistência estão disponíveis gratuitamente para você.

Chinese Mandarin: 这些信息还免费以其他语 言提供。请随时联系我们的客户服务电话 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 该电话每周 7 天、每天 24 小时全天候提供服务。 如果您的母语不是英语,或者需要请求辅助设备,您可以免费获得援助服务。

Chinese Cantonese: 這份資訊還免費以其他語 言提供。請隨時聯絡我們的客戶服務電話 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 該電話每周 7 天、每天 24 小時全天候提供服務。 如果您的母語不是英語,或者需要請求輔助設備,您可以免費獲得援助服務。

Tagalog: Makukuha nang libre ang impormasyong ito sa mga iba pang wika. Mangyaring makipag-ugnay sa numero ng customer service sa 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 na oras sa isang araw, pitong araw sa isang linggo. Kung hindi Ingles ang inyong pangunahing wika, o upang humiling ng mga kagamitang pantulong, may matatanggap kayong libreng serbisyo sa pagsasalin sa wika.

Arabic:يمكنك الحصول على هذه المعلومات بلغات أخرى مجانًا. لطلب

مساعدات وخدمات إضافية يُرجى االتصال بخدمة العمالء على الرقم 9800-355-855-1 )الهاتف النصي/للصم 1-855-358-5856(، على مدار 24 ساعة في اليوم، سبعة أيام في األسبوع. تتوفر لك خدمات

لغوية مجانية إذا كانت لغتك األساسية ليست اإلنجليزية أو إذا طلبت مساعدات إضافية.

Page 101: Ti liv pou manm yo - Prestige Health Choice · yon plan swen alontèm (Long-term Care, LTC). Si w gen kèk kalite pwoblèm sante, tankou SIDA, ou ka resevwa swen yo mete sou pye pou

PRES_18147804

www.prestigehealthchoice.com

German: Diese Information wird kostenlos in anderen Sprachen angeboten. Bitte setzen Sie sich unter der Rufnummer 1-855-355-9800 (für TeleTypewriter/Telekommunikationsgeräte [TTY/TTD] 1-855-358-5856) mit unserem Kundendienst in Verbindung, der Ihnen an sieben Tagen der Woche 24 Stunden lang zur Verfügung steht. Falls Englisch nicht Ihre Muttersprache ist, können Sie eine kostenlose Sprachhilfe nutzen.

Korean: 본 정보는 다른 언어로도 무료로 제공됩니다. 주 7일 하루 24시간 운영되는 고객 서비스 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856)번으로 연락하시기 바랍니다. 영어가 모국어가 아니거나 장애인 보조 장치 및 서비스가 필요하신 경우 , 무료로 지원 서비스가 제공됩니다.

Polish: Poniższa informacja jest dostępna bezpłatnie w innych językach i formatach. Prosimy o kontakt z Działem obsługi klienta pod numerem telefonu 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856), 24 godziny na dobę, siedem dni w tygodniu. Jeśli angielski nie jest Twoim pierwszym językiem lub w celu uzyskania dodatkowej pomocy, możesz korzystać z bezpłatnej obsługi w tym zakresie.

Gujarati: આ માહિતી મફતમા ંઅન્ય ભાષાઓમા ંઉપલબ્ધ છે. કૃપા કરીને અમારી ગ્ાિક સેવાના નબંર 1-855-355-9800 (ટીટીઆઇ/ટીડીડી 1-855-358-5856), હિવસમા ં24 કલાક, અઠવાહિ્યાના સાત હિવસો નો સપંક્ક કરો. જો તમારી પ્ાથમમક ભાષા અંગે્જી નથી, અથવા ઉપ્યોગીસા્ધનોની મવનતંી કરવા માટે, તમારા માટે સિા્યક સેવાઓ મનઃશલુક ઉપલબ્ધ છે.

Thai: ขอ้มูลน้ีสามารถใชไ้ดฟ้รีในภาษาอ่ืน ๆ โปรดติดต่อหมายเลข

บริการลูกคา้ของเราท่ีหมายเลข 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856) ไดต้ลอด 24 ชวัโมงทุกวนั สปัดาห์ละ่ 7 วนั

หากภาษาหลกัของคุณไม่ใช่ภาษาองักฤษหรือตอ้งการติดต่อขอรับ

บริการเสริมคุณสามารถเขา้รับความช่วยเหลือไดโ้ดยไม่เสียค่าใชจ่้าย

Japanese: この情報は他の言語でも無料でご利用いただけます。年中無休で対応しておりますので、 弊社カスタマーサービスのフリーダイヤル 1-855-355-9800 (TTY/TDD 1-855-358-5856) までお問い合わせください。母国語が英語でない場合は、無料のサービスをご利用いただけます。